Kanètil sil mwen pa dakò avèk desizyon DCF oswa m pa renmen travayè mwen an?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize May 2010

21. Mwen pa renmen travayè Depatman Timoun Avèk Fanmi mwen an. Kisa mwen kapab fè?

Eseye antann ou avèk travayè ou a. Depatman Timoun avèk Fanmi an kapab kenbe sa kont ou si ou pa kapab antann ou avèk travayè a oswa sil sanble ou pap kopere. ou bezwen pou ou kapab antann ou avèk travayè ou, men ou pa oblije renmen li. Eseye pale avèk travayè ou a sou nenpòt pwoblèm ou genyen. Si ou panse genyen enkonpreyansyon, di travayè ou a sa kap annwiye ou. Pale jantiman avèk travayè ou, menmsi ou fache avèk li. Ou kapab bezwen travayè w la ede w nan Tribinal Omologasyo avèk Fanmiy lan. Pa ekzanp si w genyen yon ka titel kont moun ki abize w la, travayè DCF ou a montre jij la abizè a pa dwe genyen titel paske pitit ou a pè li.

Si genyen yon vrè pwoblèm avèk travayè w la, rele DCF e mande pou ou pale avèk sipèvizè travayè a. DCF genyen Espesyalis Vyolans Domestik ou kapab rele pou èd. ou dwe espesifik nan plent ou yo. Pa Selman di ou pa renmen travayè w la. Di sipèvizè a oswa espesyalis Vyolans Domestik la bagay travayè a fè oswa di ki parèt fo yo. Eksplike ou vle kopere avèk DCF men ou bezwen èd avèk pwoblèm ou genyen avèk travayè w la.

22. Kisa m kapab fè si m pa dakò avèk desizyon Depatman Timoun avèk Fanmi an?

Ou monte nan apel pou yon "odyans ekitab." Sa se yon chans pou diskite sèten desizyon DCF. Yon ofisye pou odyans ki pa fè pati ka w la ap koute sa ou genyen pou w di e sa travayè DCF la genyen pou li di. Ofisye odyans la ap answit deside si DCF te genyen rezon o non. Si Ofisye odyans la panse DCF pat gen rezon, ofisye a ap òdone DCF pou li chanje desizyon an.

Sèten rezon pou w kapab mande yon Odyans Ekitab:

  • Ou vle fè apel kont desizyon DCF pou “sipòte” yon rapò abi oswa neglijans;"
  • Ou vle fè apel kont desizyon DCF pou mete non ou nan "Rejis Swadizan Vyolatè" (yon lis moun DCF di maltrete oswa neglije timoun
  • Ou vle fè apel kont desizyon DCF pou estope oswa redwi sèvis ou yo;
  • DCF estope oswa redwi sèvis san ba ou okenn preyavi; oswa
  • ou panse DCF pat swiv pwòp regleman li e sa koze anpil domaj.

Ekri Biwo Oyans Ekitab DCF, 600 Washington Street, Boston, MA 02111, pou mande yon Odyans Ekitab. Ou dwe mande yon Odyans Ekitab nan 30 jou aprè ou resevwa desizyon ou vle pote nan apel la. Asire ou pou w enkli nan lèt ou a:

  1. non ou;
  2. adrès ou;
  3. nimewo telefòn ou;
  4. non pitit ou a;
  5. non avèk adrès biwo DCF la;
  6. yon kopi oswa deskripsyon desizyon ou vle pote nan appel la; avèk
  7. dat desizyon an (decision)
  8. Si ou bezwen yon entèprèt pou odyans la , di sa e di DCF ki lang ou pale.

Fè de kopi lèt la avan ou poste li bay bay Biwo Odyans Ekitab DCF la. Voye yon kopi bay direktè biwo DCF lokal la ki te rann desizyon wap pote an apel la. Kenbe lòt kopi lèt la pou ou.

Si ou pèdi yon odyans ekitab, ou kapab fè apel nan Lakou Siperyè.

Eseye pale avèk yon avoka si ou panse ou kapab vle yon odyans ekitab oswa si ou vle fè appel kont desizyon yon Odyans Ekitab oubyen si ou vle pote nan apel yon Odyans Ekitab nan tribunal. Rele pwogram sèvis legal lokal yo (your local legal services program) pou wè si ou kapab jwenn èd legal gratis. ou kapab rele sèvis rekòmandasyon avoka (lawyer referral service) pou eseye jwenn yon avoka prive pou ede swivan mwayen ou.

23. E si mwen pa pale Anglè byen ase pou m fè yon Odyans Ekitab?

Regleman DCF di ou kapab mennen yon entèprèt nan odyans la oswa mande DCF pou ba ou yon eneprèt. Avi DCF sou dwa ou pou yon odyans di kòman pou w fè deziye yon entèprèt pou ou. Si ou vle DCF ba ou yon entèprèt, di yo nan lèt la ou mande yon Odyans Ekitab e asire w pou ou di yo ki lang ou pale.

24. E si m pa dakò avèk yon diferan jan desizyon DCF?

Ou kapab selman genyen yon Odyans Ekitab sou sèten tip desizyon DCF. Kèk nan yo nan lis nan kesyon “Kisa mwen kapab fè si mwen pa dakò avèk desizyon Depatman Timoun avèk Fanmi an?” Lis konplè desizyon yo ou kapab pote nan apel pou yon Odyans Ekitab nan regleman DCF yo (in the DCF regulations).

Ou kapab pote nan apel tip desizyon DCF ki pa nan lis “pwosesis pou plent” DCF la. Pa ekzanp, ou kapab depoze yon plent sou jan yon travayè DCF oswa yon lòt anploye trete ou.

Pou kòmanse yon plent, soumèt yon plent ekri nan biwo a wap plenyen kont li a. ou kapab depoze yon plent nan:

  • Biwo DCF Zòn lan;
  • Biwo Rejyonal DCF;
  • Founisè sou Kontra Ajans la (yon ajans ki founi sèvis DCF pou ou oswa
  • Seksyon Revizyon Swen Nourisye DCF.

Ou dwe depoze plent ekri a nan 30 jou apati dat ou te genyen pwoblèm lan avèk DCF la. Lè ou ekri plent la, enkli tout fè avèk agiman ou vle DCF konsidere.

DCF dwe voye desizyon li ba ou nan 21 jou.

25. Eske genyen okenn lòt moun mwen kapab rele pou kesyon oswa preyokipasyon ak DCF?

DCF genyen yon "Biwo Medyatè a" (Office of the Ombudsman). Biwo sa a ede paran ki santi DCF trete yo enjisteman. Se pou moun ki te eseye rezoud yon pwoblèm avèk yon biwo local DCF e ki ankò ensatisfè. Pèsonel nan Biwo Medyatè a kapab travay avèk ou ak biwo local DCF la pou rezoud pwoblèm yo.Nimewo telefòn lan se (617) 748-2444.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).