19. Mwen gen yon ka nan tribunal Omologasyon ak Fanmi an. Eske yon jij nan Tribinal Omologasyon avèk Fanmi an kapab rele Depatman Timoun avèk Fanmi an?
Wi. Sèten jij nan Tribinal Omologasyon avèk Fanmi kontakte DCF si ou menm avèk lòt paran an nan tribunal pou yon ka titel eke DCF te angaje avèk fanmi ou a. Jij la kapab mande yon Ofisye Pwobasyon pou rele DCF. Pwobasyon ap ekri sa DCF di e rapòte li bay jij la. Mande pou ou konnen sa DCF di avan ou rantre nan sal la. Asire w pou w di jij la si gen anyen nan rapò a ki fo. Ou genyen dwa pou di jij la sa ki fo nan rapò a. Ou genyen dwa pou di jij la sa ki fo nan yon rapò DCF bay Ofisye Pwobasyon an.
Eske Tribinal Omologasyon avèk Fanmi an kapab bay DCF titel?
Wi. Yon jij Tribinal Omologasyon avèk Fanmi kapab òdone Depatman Timoun avèk Fanmi (DCF) pou pran titel tanporè timoun ou yo si jij la enkyete pou sirte yo avèk nenpòt nan paran yo. Jij la kapab fè sa menmsi okenn nan paran yo pa vle li.
Ekzanp
Ou genyen yon ka divòs oswa titel nan Tribinal Omologasyon avèk Fanmi an e yonn akize lòt nan paran yo kont abi dwòg serye, abi timoun, oswa vyolans.
Sa pa fèt twò souvan. Sil ta fèt, ou genyen dwa pou w genyen yon avoka. Si ou pa genyen mwayen pou yon avoka, tribinal la ap deziye yonn pou ou. ou pa genyen pou ou peye avoka tribunal la deziye pou ou a. Tribinal la dwe di ou apwopo dwa pou w genyen yon avoka e tribinal la dwe deziye yon avoka pou ou si mwayen w pa pèmèt ou genyen yonn.
Si abizè a fè manti bay jij la, di jij la laverite. Di jij la si ou genyen temwen oswa dokiman pou apwiye ou.
Ekzanp
Lòt paran an di w nan dwòg e sa pa vrè. Si manman ou wè ou chak jou e li nan tribunal la e li kapab temwaye li wè ou chak jou e ou pa pran dwòg, di jij la. Oswa, petèt ou te ale nan reyabilitasyon, ou ale nan NA regilyèman, e w pa janm manyen dwòg. Eksplike jij la e ofri pou ou mennen temwen oswa dokiman pou pouve sa.
Si jij la deside pou bay DCF titel tanporè pitit ou a ou ta vle:
- mande jij la pou rekonsidere desizyon li,
- aplike pou apel, oswa
- fè toulède.
Konsèy
Ou pa ta vle fè okenn nan bagay sa yo san yon avoka. Asire pou ou genyen yon avoka (your local legal services program) si ou deside pou ou fè okenn nan bagay sa yo. Wap bezwen yon avoka pou ede ou deside sa pou ou fè. Wap bezwen yon avoka pou fè kelkeswa sa ou deside.