Si DCF panse timoun yo nan danje imedyat, yo kapab ale devan yon jij nan Tribinal Timoun lan e mande pou yon lòd ijan ki ba DCF titel timoun yo imedyatman. Pou jwenn pou titel, DCF dwe temwaye sou sèman sou danje imedyat li wè a. Si DCF jwen lòd la yo kab ale pran timoun yo imedyatman. avan menm ou konnen anyen sou lòd la. Se pa lakay selman DCF ap fouye pou jwen timoun lan. DCF dwe soti, jwenn timoun yo, kelkeswa kote yo ye e pran yo sou titel DCF.
Lòd ijan sa a ki bay DCF titel timoun yo valab pou jiska 72 èdtan. Lè tribunal la bay DCF titel la li dwe omwen avize yon paran an menm tan. Avi a di paran an pou vini nan tribunal pou yon odyans. Nan odyans la jij la ap deside si pou DCF kenbe titel timoun ou yo aprè 72 è. Odyans sa a rele “odyans 72 è” oswa yon “odyans twa jou”.
Si genyen yon odyans 72è eke ou pa resevwa avi, rele Tribinal Timoun Lokal ou a (your local Juvenile Court) pou jwenn enfòmasyon sou odyans la.
Ou genyen dwa pou yon avoka. Si ou pa genyen mwayen pou pran yon avoka, tribunal la kapab deziye yonn pou ou. Ou pa genyen pou w peye avoka si jij la deziye yonn pou ou. Tribinal la dwe enfòme w sou dwa ou pou yo deziye yon avoka pou ou, si ou pa gen mwayen pou pran yonn.
Leplito w kapab gen yon avoka, lemye li ye pou ou. Avoka a kapab itilize mezi tan li kapab jwenn pou li aprann sou ka w la.
Timoun ou yo genyen dwa pou yon avoka tou, e tribunal la dwe deziye yon avoka pou timoun yo si w pa gen mwayen pou w pran yonn. ou pa genyen pou w peye avoka timoun yo.
ou gen dwa pou w genyen yon odyans nan twa jou. Odyans la se pou jij la deside si timoun yo kapab rete avèk ou pandan DCF ap envestige ka w la. Ou kapab genyen yon avoka avan odyans twa jou a. Si ou kapab jwenn yon avoka, mande avoka a pou li ale nan odyans la avèk ou.