8. Sak pase aprè envestigasyon an?
Aprè envestigasyon an fini, DCF ap deside si rapò abi orijinal la“apwiye” oswa pa “apwiye. ”
Si DCF di rapò a pa “apwiye,” sa vle di travayè DCF la pa jwen okenn evidans pitit ou a te maltrete oswa neglije. DCF ap fèmen ka w la.
Si DCF di rapò a “apwiye,” sa vle di travayè DCF la panse genyen evidans pitit ou a te abize oswa neglije oubyen nan danje pou abi oswa neglije nan men gadyen an. DCF dwe voye yon lèt pou di ou si rapò a “apwiye” o pa “apwiye.”
9. E si rapò a apwiye?
Si rapò a apwiye, DCF genyen 45 jou pou fè yon “evalyasyon fanmi w lan. Evalyasyon an se pou wè si fanmi w lan bezwen sèvis. Nan pwen sa a, wap genyen yon nouvo travayè sosyal pou jere ka w la. Premye travayè sosyal la sete envestigatè a.
Nouvo travayè sosyal la ap eseye chèche konnen ou avèk fanmi ou pandan peryòd evalyasyon an. Se yon bon tan pou konnen ki sèvis DCF ofri e si sèvis sa yo kapab ede fanmi ou. Sèvis DCF yo genyen ladan yo:
- Gadri,
- Èd paran pou ede ou avèk kèk nan bagay yo ou bezwen fè pou pitit ou a,
- Konsèy pou ou avèk pitit ou yo,
- Edikasyon sou elve timoun,
- Ede avèk lojman ak itilite, ak/oswa
- Lòt bagay pou ede fanmi ou.
Dòdinè wap genyen yon “plan sèvis” nan finisman evalyasyon an. Plan sèvis la dekri sèvis wap resevwa yo. Plan sèvis la di bagay ou dwe pou ou fè. Sèvis la kapab enkli bagay kankou:
- Ale nan konsèy,
- Asire ou pitit ou a rive lekòl alè,
- Asire ou pitit ou a fè devwa li.
Li enpòtan pou konprann sa plan sèvis ou a di. Pale avèk travayè DCF ou a sou plan sèvis la avan ou siyen li.
Di travayè ou a si:
- Ou bezwen transpò pou ale nan kote plan sèvis di ou dwe ale yo;
- Ou panse ou genyen twòp randevou pou gen tan kouvri yo tout; oswa
- Genyen anpil lòt pwoblèm avèk plan sèvis lan.
Ou kapab vle pale ak yon avoka oswa yon entèsesè avan ou siyen plan sèvis la. Dewi ou siyen plan sèvis la, ou dwe swiv li. Si ou pa fè tou sa plan sèvis la di ou dwe fè, DCF kapab eseye pran chaj timoun yo.
Si ou siyen plan sèvis la e aprè ou genyen pwoblèm pou swiv li, mande travayè DCF ou a pou chanje plan an. Mande yon miting avèk travayè a, oswa ekri travayè ou a e eksplike poukisa ou dwe estope. Pa estope nan sa ou te dakò pou ou fè amwenke travayè a chanje plan an.
DCF kapab fè lòt bagay pandan period evalyasyon an si travayè a panse pitit ou a an danje. DCF kapab:
- Mande you pou ou dakò pou plase pitit ou a nan swen nourisye. Si travayè sosyal la mande ou pou siyen yon “akò pou plasma volontè” mande pou ba ou tan pou ou pale avèk yon avoka oswa yon entèsesè avan ou siyen.
- Ale nan Tribinal Timoun nan pou eseye genyen titel pitit ou a. DCF Selman fè sa si travayè a panse pitit ou a an danje. Si DCF ale nan Tribinal Timoun nan, yo rele sa yon ka “swen avèk pwoteksyon.” Ou gen dwa pou yon avoka pou tip ka sa a. Tribinal la ap deziye yon avoka pou reprezante ou si ou pa kapab peye yonn. Tribinal la ap deziye yon diferan avoka pou pitit ou a gratis tou. Lòt paran pitit ou a dwe genyen yon avoka tou.
Nan laplipa ka yo DCF pa mande pou ou plase timoun ou nan swen nourisye oswa ale nan Tribinal Timoun pou jwenn titel.
10. Eske DCF pote plent kriminel?
Non. DCF pa pote plent kriminel. DCF pa genyen pouvwa pou arête okenn moun tou. Men DCF dwe di Komisè Gouvènman an sil sanble ta genyen abi seksyel, frakti serye, oswa lanmò yon timoun. Nan ka sa a Komisè Gouvènman an kapab pote plent kriminel.