Moun ki abize mwen an rapòte mwen bay Depatman Timoun avèk Fanmi

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize May 2010

17. Moun ki abize m nan rapòte m bay Depatman Timoun avèk Fanmi. Kisa mwen kapab fè?

Pafwa abizè rele Depatman Timoun Avèk fanmi (DCF) pou vanje victim yo pou kite yo oswa pran lòd pwotektif 209A kont yo. Pafwa yo eseye kontwole victim yo ak menase pou rele DCF. Pafwa yo vrèman rele DCF. Moun ki abize w la kapab rele DCF e fè manti sou ou. Li kab di wap abize oswa neglije pitit ou a oswa ou se yon alkolik oswa ou nan dwòg. DCF ap envestige e dekouvri sa ki vrè ak sa ki pa vrè. Men DCF kapab dekouvri vyolans domestik tou lè yo envestige. DCF kapab deside pitit ou a an danje ak vyolans domestik la.

Lè DCF envestige, eseye rete osi kalm e òganize posib. Eseye genyen yon zanmi oswa yon entèsesè avèk ou lè DCF vini pou pale avèk ou. Mande pou w pale avèk yon Espesyalis Vyolans Domestik DCF. Eksplike travayè a avèk Espesyalis Vyolans domestik DCF la se pou vanje kont ou abizè a rele DCF, li fè li poutèt ou kite li oswa pran yon lòd pwotektif 209A kont li. Di travayè a avèk Espesyalis Vyolans domestik la sa ou fè pou pwoteje pitit ou a kont vyolans domestik.

DCF bezwen wè wap pwoteje pitit ou kont vyolans domestik. DCF kapab vle ou ale nan konsèy oswa pran lòt sèvis.

Li mye pou ou kopere avèk DCF nan sitiyasyon sa yo. DCF kapab vle pale avèk abizè a sou pitit ou a, espesyalman si li se lòt paran pititit la. Kite se li ki pa kopere lè DCF vle vizite kay li, fè yon randevou oswa bali yon plan sèvis. Eseye pou se ou ki paran DCF kapab fè konfyans nan fè sa travayè w mande pou w fè lemye ou kapab. Kite pou se abizè a ki moun nan DCF pa fè konfyans lan.

18. Abizè a fè manti sou mwen bay Depatman Timoun avèk Fanmi an e answit li aplike pou titel nan Tribinal Fanmi ak Omologasyon. Kisa mwen kapab fè?

Pafwa abizè fè fo rapò bay Depatman Timoun avèk Fanmi (DCF) la pou yo jwenn titel. Lè yo ale nan Tribinal Homologasyon avèk Fanmi pou jwenn titel yo refè rapò sa yo ankò.

Di jij la rapò li a pa vrè. Di jij la abi a. Lè li fè rapò sa a bay DCF la, eksplike se yon fason deplis pou l abize ou. Montre jij la DCF te deside ou pat neglije oswa abize pitit ou. Si DCF pat apwiye yon rapò 51A kont ou, oswa si DCF pat louvri yon “Ka Swen avèk Pwoteksyon" pou eseye pran pitit ou a, di jij la sa.

Li dòdinè mye pou kopere avèk DCF pou travayè ou a kapab wè rapò abizè a pa vrè. DCF kapab di jij la rapò a fo. DCF kapab di jij la tou pitit ou a dwe rete avèk ou paske lòt paran an telman abizif. DCF pa renmen pou touve yo nan mitan batay pou titel. Men jij la kapab mande opinion travayè a sou sa ki kab mye pou pitit ou a.

Si abizè w la mennen ou nan Tribinal Omologasyon avèk Fanmi pou li genyen titel, li trè enpòtan pou w genyen yon avoka. Jwenn pwogram sèvis legal lokal ou a (your local legal services program).

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).