Diferans prensipal ant separasyon ak divòs sèke divòs mete fen nan maryaj ou. Separasyon vle di ou toujou marye, men ou pa rete ansanm nan menm kay avèk mari ou. Pou w divòse fòk ou ale nan tribunal. Pou ou separe ou pa ale nan tribunal.
Kisa yon divòs ye?
Yon divòs se yon jijman Tribinal Lafanmi ak Omologasyon ki mete fen nan maryaj ou a.
Jijman divòs enkli tou:
- gadyen timoun (custody of children
- lajan sipò timoun;
- vizit pou timoun yo (visitation with the children
- sak pase pou “byen” (kankou pansyon, lajan labank, oswa estòk
- sak pase pou taks (kankou kilès ki kapab reklame yon timoun kòm depandan (claim the child as a dependent
- pansyon alimantè (sipò pou madanm nan
- sak pase pou byen pèsonèl (kankou machin, mèb
- sak pase pou byen imobilye, kankou kay;
- kilès kap genyen kay la;
- kilès ki pou peye dèt yo (kankou kat kredi, bòdro elektrik, ipotèk sou kay la
- chanje non ou sou non ou te genyen avan w te marye;
- posibleman, yon lòd pou pwoteje ou kont abi.
Si ou avèk mari/madanm ou kapab dakò sou tout bagay sa yo, ou kapab ekri yon akò epwi mande jij la pou apouve li. Si nou kapab dakò sou kèk bagay e nou pa dakò sou lòt, wap gen chans pou w di jij la sa. Jij la ap deside sou bagay ou menm ak mari w pa kab dakò sou yo a. Lap revize akò yo pou l asire li yo ekitab (jis). Si nou pa kab dakò sou okenn nan bagay sa yo, jij la ap deside sou yo tout nan jijman an. Ou ak mari w nou toulède ap genyen yon chans pou temwaye. Wap kapab soumèt dokiman tribinal yo e entwodwi temwen pou temwaye tou.
Eske mwen dwe divòse si m vle viv separe avèk mari m?
Non. Ou pa oblije divòse si w vle viv separe avèk mari w. Ou kapab rete marye e abite diferan kote. Ou pa bezwen ale nan tribunal pou w separe “legalman nan Massachusetts”. Li legal pou w abite separeman ak mari ou.
Wap ankò genyen pou w pran desizyon sou lajan, pwopriyete, gadyen avèk sipò pou timoun. Si ou avèk mari w pa kapab dakò sou pwen sa yo, ou kapab mande jij la pou deside sou yo nan yon Plent pou Sipò Separe (Complaint for Separate Support), oswa yon Plent pou Sipò (Complaint for Support).
Ki diferans ki genyen ant yon Jijman Divòs ak yon Jijman pou Sipò Separe?
Diferans prensipal ant Jijman Divòs ak Jijman pou Sipò Separe sèke yon Jijman Divòs endike yon maryaj fini. Yon Jjijman pou Sipò Separe pa fini yon maryaj.
Yon Jijman pou Sipò Separe kapab enkòpore lòd pou sipò pou ou, lòd pou sipò ak gadyen timoun, avèk vizit. Jijman an kab deside kilès ki pou rete nan kay ou a, e sak pase avèk bagay kankou kanè bank ak byen pèsonel. Ou kab genyen yon jijman konsa sa e ankò rete legalman marye.