Mwen pa pale Anglè byen. Eske m kapab jwenn èd nan pwòp lang mwen?
Si w pale panyòl ou kapab li gid anliy an panyòl.
Biwo Sèvis Legal itilize entèprèt. Si w pa kab jwenn èd legal gratis (free legal help) ou kapab jwenn èd sa a nan pwòp lang ou. Refij yo avèk pwogram pou fanm yo bat yo dwe ba ou yon entèprèt tou si w bezwen yonn.
Si w ale nan tribunal, ou genyen dwa pou genyen yon entèprèt. Ou dwe di tribinal la ou bezwen yon entèprèt. Ou dwe mande pou w genyen yon osito ou konnen ou pral nan tribinal.
Si ou se yon fanm asiatik eke yap abize ou, genyen yon pwojè espesyal yo rele Goup Travai Azyatik Kont Vyolans Domestik (Asian Task Force Against Domestic Violence). Yo genyen biwo nan Boston avèk nan Lowell. Nimewo telefòn pou tout apel jeneral se 617-338-2350 e liy rouj la se 617-338-2355. Pwojè a bay sèvis nan plizyè lang Azyatik.
Fanm ki soud kapab rele Biwo Massachusetts pou Soud ak Tande Di(Mass.Commission for the Deaf and Hard of Hearing in Boston nan 1-800-882-1155 (vwa) or 1-800-530-7570 (tty) pou enfòmasyon sou jwenn entèprèt.
Mwen pa sitwayen Etazini. Ki moun m kapab rele pou enfòmasyon sou kesyon imigrasyon?
Lwa imigrasyon se yon pati nan lwa ki konplèks. Nou pa kapab reponn kesyon jeneral sou imigrasyon nan gid sa a.
Pale avèk yon avoka avan ou kontakte biwo Sèvis Sitwayènte Avèk Imigrasyon Etazini (United States Citizen and Immigration Services (USCIS), nou te konnen otrefwa kòm Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon (SIN) (Immigration and Naturalization Service (INS)). Ou kapab chèche avèk sirte nan sit elektwonik USCIS (USCIS website) pou ou jwenn enfòmasyon jeneral.
Ou kapab jwenn sèvis legal gratis (free legal services) pou ede w avèk kesyon imigrasyon. Ou kapab rele Pwojè Imigrasyon Nasyonal Asosyasyon Nasyonal Avoka yo (National Immigration Project of the National Lawyers Guild) nan 617-227-9727. Pwojè Asistans Legal pou Revni ba Enstiti Entènasyonal la (LILAP) (The International Institute's Low Income Legal Assistance Project (LILAP)) kapab ede ou. Ou kapab jwenn yo nan 617-695-9990.
Ou kapab jwenn enfòmasyon avèk referans nan Koalisyon Pou Defans Imigran Ak Refijye nan Massachusetts (MIRA) (Massachusetts Immigrant And Refugee Advocacy Coalition (MIRA). Nimewo telefòn yo se 617-350-5480.
Mwen se yon imigran e moun kap bat mwen an se li menm ki sipoze ede ak stati m nan imigrasyon. Eske genyen èd espesyal pou mwen?
Wi. Imigran ki siviv vyolans domestik gen sèten dwa daprè yon lwa federal yo rele “Lwa Vyolans Kont Fanm”. Ou dwe pale ak yon espesyalis nan imigrasyon. Rele yonn nan òganizasyon yo nan lis la anwo a nan "Kilès mwen kapab rele pou kesyon sou zafè imigrasyon? " Petèt yo kapab ede w pou aplike pou stati ou nan imigrasyon sou Lwa Vyolans Kont Fanm nan.