Kilès mwen kapab kontakte si m panse yap abize neglije, oswa malmennen yon moun aje?
Genyen lwa espesyal pou pwoteje vyeya (60 o plis) kont abi. Si ou konnen oswa ou panse yap abize, neglije oswa malmennen yon granmoun ou kapab rele Liy Rouj kont Abi Granmoun (Elder Abuse Hotline) nan 1-800-922-2275. Wou pap genyen pou w bay non wou si w pa vle.
Kilès mwen kapab rele si m panse yap abize, neglije, oswa malmennen yon adilt andikape?
Genyen lwa espesyal pou pwoteje adilt andikape yap abize, malmennen oswa neglije. Si moun nan genyen mwenske 60 tan, ou kapab rele Liy Rouj Pou pwoteksyon Moun Andikape (Disabled Persons Protection Hotline) nan 1-800-426-9009. Pou moun ki genyen pliske 60 tan, rele Liy Rouj pou Abi Kont Granmoun (Elder Abuse Hotline) nan 1-800-922-2275. Ou pap genyen pou bay non w si w pa vle.