You are here

Depatman Timoun avèk Fanmi an

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Me 2010

Depatman Timoun avèk Fanmi (Department of Children and Families (DCF) - nan Angle) se ajans eta a ki genyen okipasyon pou voye zye sou timoun avèk pwoteje yo kont move tretman avèk neglijans. Yo te konn rele DCF Depatman Sèvis Sosyal (DSS).

1. Poukisa Depatman Timoun avèk Fanmi an kontakte mwen?

Depatman Timoun avèk Fanmi an (DCF) dòdinè kontakte yon fanmi paske yon moun di DCF yon timoun nan fanmi sa a kapab ap sibi move tretman oswa neglijans. Lè yon moun di DCF yo panse yap maltrete oswa neglije yon timoun, yo rele sa yon rapò”51A”. Non “51A soti nan section 51A Chapit 119 Lwa Jeneral Massachusetts yo (section 51A of Chapter 119 of the Massachusetts General Laws). DCF dwe koute chak rapò sou move tretman oswa neglijans timoun. Yo dwe “soutni” rapò a oswa “rejte“ li. Si DCF “kenbe” rapò a (Wè Eske Depatman timoun avèk Fanmi an envestige chak rapò?), yo dwe jwen si rapò a vrè. Yo fè sa nan envestige rapò a. Yo bezwen pale avèk fanmi timoun nan avèk moun ki konnen timoun lan avèk fanmiy lan. Si DCF vin konnen timoun nan te abize oswa neglije, DCF dwe pwoteje timoun nan.

Pafwa DCF pran timoun nan men fanmi an pou eseye pwoteje li. Travayè DCF kapab voye ka bay Komisè Gouvènman tou pou akizasyon kriminel sil panse yo komèt yon krim.

Leplisouvan, DCF eseye ede yon fanmi rezoud pwoblèm li pou timoun nan kapab jwenn swen li bezwen.

2. Eske Depatman Timoun avèk Fanmi an envestige tout rapò?

Non. Depatman Timoun avèk Fanmi an (DCF) pa oblije konnen si chak rapò yo vrè. Travayè DCF “rejte” rapò ki klèman pa vrè. Yo rejte rapò ki vye anpil tou ak rapò sou yon adilt ki pa gadyen timoun. DCF pa envestige rapò ki rejte.

DCF dwe ekzamine tout rapò yo kenbe pou wè si yo vrè oubyen fo. Lè yon travayè DCF envestige yon ka, sa pa vle di DCF panse rapò a vrè. DCF bezwen dekouvri si rapò a vrè. Travayè DCF la kapab deside rapò a fo infwa li aprann plis sou li.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).