Pafwa mwen santi patnè m nan ap abize m, men li pa janm ban mwen kou. Men nenpòtjan kisa vyolans konjigal la ye?
Abi pa bezwen genyen vyolans fizik ladan pou l kapab vyolans konjigal. Nan yon relasyon lè yon moun eseye kontwole, metrize yon lòt, sa se vyolans konjigal li ye. Genyen plizyè tip vyolans konjigal. Sa a se yon lis sou kèk tip vyolans konjigal:
- Abi Fizik: pouse, fwape, mòde, bouskile, kout pye, voye bagay sou moun nan, itilize yon zam, fòse l fè bagay oswa manyen l, vyole l, toufe l;
- Izolman: pa kite w wè moun, kontwole kimoun pou w wè, ak ki moun pou w pale, toujou vle konnen kibò ou ye;
- Abi Emosyonel: di ou mo, desann ou, jwe nan tèt ou, imilye ou an piblik;
- Abi Economik: pran lajan ou, fè ou mande lajan, kontwole lajan ou;
- Abi Seksyel: trete ou kankou yon seks machin, fòse w fè seks ; oswa fè bagay seksyel lè ou pa vle fè yo;
- Itilize timoun yo: Itilize vizit timoun yo kòm yon fason pou arase ou, fouye timoun yo pou pran enfòmasyon sou ou, ensilte ou devan timoun yo;
- Menas: di ou la pran timoun yo, di ou ou pap janm wè timoun yo ankò; menase ou pou l fè ou mal; menase w pou l rapòte w bay èd sosyal oswa DSS, menase pou l fè fanmiy ou mal; menase pou l fè tèt li yon bagay;
- Ensiste pou se li ki anchaj: trete ou kankou yon domestic, pran gran desizyon yo.
- Entimidasyon: ba ou rega mechan, fè bèt yo mal, kraze bagay.
“Volan Egalite a” ( The "Equality Wheel") avèk "Volan Pouvwa ak Kontwòl la” (“Power and Control Wheel") prepare pa Duluth (Minnesota) Pwojè sou Entèvansyon nan Abi (Abuse Intervention Project) bay plis ekzanp sou konpòtman abizif ak nonabizif. Ekzanp sou volan sa yo kapab ede w panse sou sitiyasyon ou.
Mwen santi m tèlman sèl. Eske genyen anpil fanm nan sitiyasyon sa a?
Vyolans konjigal se yonn nan menas sante piblik ki pi serye pou fanm nan Etazini (United States) jodi a. Genyen milye fanm patnè yo oswa ansyen patnè yo ap bat chak ane. An 2007, yo depose pliske 35,000 plent pou lòd kanpe lwen (restraining order) nan tribunal Massachusetts. E se fanm yo ki te depoze plis nan plent yo. Wè Chapit X Titel (Chapter X Custody).
Eske vyolans konjigal se yon krim?
Sèten fòm vyolans konjigal se krim. Pa ekzanp, vyolans fizik ak fòse moun fè sèks se krim. Se yon krim tou si patnè w menase w pou l fè fòs fizik sou ou oswa pitit ou. Gen lòt fòm vyolans konjigal kapab krim tou. Al nan Chapit X209A Zòd pwotektif (Chapter X 209A Protective Orders).
Mwen pè pou yo pa abize timoun mwen yo. Ki diferan tip abi timoun ki genyen?
Sèten tip abi timoun se:
- Fè yon timoun temwen vyolans konjigal
- Atake yon timoun seksyelman avèk
- Atake yon timoun fizikman.
Eske sa yon krim pou abize timoun?
Wi, sa kapab. Sèten fòm abi timoun ki krim. (Al wè Chapit X 209A Lòd Pwotektif tou. (See also Chapter X 209A Protective Orders.)