Kesyon andeyò eta a

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Revize October, 2009

19. Mwen genyen yon enjonksyon pou lajan pou sipò timoun nan yon lòt eta. Kòman mwen kapab asire m enjonksyon ap valid nan Massachusetts?

Ou dwe asire w enjonksyon pou lajan pou sipò timoun nan nan lòt eta a “sètifye” (“certified”) nan Massachusetts. Rele Depatman Revni Massachusetts (Massachusetts Department of Revenue) (DOR) e ba yo yon kopi e mande pou sètifikasyon. DOR kapab fè w ranpli papye oswa papye rekèt an rapò ak dosye obligasyon alimantè ou yo nan eta a kote yo te emèt yo. Depwi enjonksyon an sètifye nan Masachusetts, DOR kapab ede w ak koleksyon sou chèk li ak lòt sèvis.

20. Sak pase koulye a si lòt paran an rete nan yon lòt eta e mewn bezwen ekzekite oswa chanje enjonksyon Massachusetts la?

Genyen yon lwa federal ki rele Lwa Inifòm Sipò Fanmiy Ant Eta ( "Uniform Interstate Family Support Act") (UIFSA) ki di eta yo dwe travay ansanm pou asire yo paran yo resevwa lajan pou sipò timoun.

Genyen de fason ou kapab fè ekzekite enjonksyon ou a nan yon lòt eta:

  1. Ou depoze yon Plent pou Dezobeyisans (Complaint for Contempt). oswa yon Plent pou Modifikasyon (Complaint for Modification) nan Massachusetts e answit angaje yon ajan polis oswa lòt isye (“process server”) nan eta lòt paran an pou sèvi l li. Nou espere lòt paran an a konparèt nan odyans la.
  2. Ou kapab rele Biwo Sèvis Konsomatè a nan Depatman Revni epwi mande yo pou ede ekzekite enjonksyon an nan lòt eta a. Sa kapab meyè chwa a si ou pa panse lòt paran an ap prezante nan odyans la nan Massachusetts. Wap genyen pou w ranpli yon fòm long avèk enfòmasyon sou lòt paran an ak sou enjonksyon aktyel la. Depatman Revni Massachusetts (Massachusetts Department of Revenue) (DOR) la ap dèlò voye yon enjonksyon bay anployè lòt paran an nan lòt eta a pou di li pou pran lajan an nan chèk lòt paran an e voye li bay DOR. Si DOR pa genyen ase enfòmasyon sou lòt paran an oswa anployè a pou fè sa, DOR ap kontakte ajans lajan pou sipò timoun nan nan eta lòt paran an e mande yo pou ekzekite oswa modifye enjonksyon Massachusetts la. Pwosesis sa a kapab pran si mwa, men li kapab bay trè bon rannman.

21. Mwen déjà genyen yon enjonksyon pou lajan pou sipò timoun nan Massachusetts men mwen deplase nan yon lòt eta. Eske enjonksyon m nan ankò bon?

Wi. Si enjonksyon an te bon (li te “an vigè”) nan Massachusetts lè w te kite, enjonksyon an ap kontinye rete an vigè jiskaske tribunal la chanje li. Bay Depatman Revni Massachusetts (DOR) nouvo enfòmasyon kontak ou a pou yo kapab kontinye voye pèman obligasyon w nan ba ou. Si ou te kite Massachusetts akòz abi e ou pa vle lòt paran an konnen kote ou ye, di DOR ou vle kenbe adrès ou sekrè e mande pou asire yo adrès ou pa parèt nan fòm papye tribunal la.

22. Si m pa tap resevwa lajan pou sipò timoun epwi mwen kite Massachusetts, kòman map jwenn li koulye a.

Tout senkant eta yo genyen ajans lajan pou sipò timoun. Yo travay yonn ak lòt pou ekzekite enjonksyon lajan pou sipò timoun yo. Men chak eta ekzekite enjonksyon lajan pou sipò timoun yon tijan diferan.

Ou petèt kapab aplike pou lajan pou sipò timoun nan nouvo eta w la. Oswa ou petèt kapab aplike nan Massachusetts. Sa depan de:

  • konbyen tan depwi ou kite Massachusetts;
  • si ankò genyen yon ka aktif nan Massachusetts; e
  • lòt paran an ankò rete nan Massachusetts.

Kèk eta pi bon pase lòt nan kenbe adrès paran abize sekrè. Rele òganizasyon local pou fanm abize nan zòn ou rete a pou jwenn enfòmasyon sou pratik yo nan ekzekisyon Lòd pou lajan pou sipò timoun nan nouvo eta ou ye a.

Yon avoka kapab ede w jwen kote pou w aplike pou ka w la. Rele pwogram sèvis legal la nan nouvo eta w la (Call the legal services program in your new state) pou wè si w kalifye pou èd legal gratis. Ou kapab rele Pwogram sèvis legal kote w te rete a (the legal services program where you used to live) nan Massachusetts pou wè si yo kapab konseye w sou kote pou w aplike pou ka w la.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).