You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Kòman m fè yon rekèt pou lajan pou sipò timoun?

Pwodwi pa yon Pwojè Americorps Sèvis Legal Western Massachusetts aveck Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Oktòb 2009

Pou soumèt yon rekèt pou lajan pou sipò timoun ou prale nan Tribinal Fanmi ak Omologasyon Lokal ou (your local Probate and Family Court). Mande grefye a fòm yo e ranpli yo. Ou pa bezwen genyen avoka pou fè yon rekèt pou lajan pou sipò timoun.

Ou kapab jwenn lajan pou sipò timoun lè ou depoze yon plent pou Sipò (Complaint for Support). Oswa ou kapab mande lajan pou sipò timoun lè w depose nenpòt nan plent sa yo:

Ou kapab depose nenpòt nan plent sa yo tribinal Fanmi avèk omologasyon nan zòn ou a (the Probate and Family court in your area). Ou kapab jwenn fòm pou plent sa yo nan biwo grefye a. Si lòt paran an depoze nenpòt nan plent sa yo nan Tribunal Fanmi avèk Omologasyon ou kapab mande pou lajan pou sipò timoun nan "repons" ou (“answer”) a ka pal la.

Si yo te abize, w ou kapab fè rekèt pou yon lòd pwotektè 209A nan (209A protective order) tribinal Distrik Lokal (your local District Court) ou a e jwenn lajan pou sipò timoun konsa. Biwo grefye a nan Tribinal Distrik la dwe genyen fòm lòd pwotektè 209A yo. Pa etone w si grefye a di ou ale nan Tribinal Fanmi ak Omologasyon an. Grefye yo pafwa pa konnen ou genyen dwa pou w mande lajan pou sipò timoun pa entèmedyè yon enjonksyon pwotektè 209A nan Tribinal Distrik.

Aprè ou depoze plent la, wap bezwen fè yon cherif (sheriff) oswa yon ajan polis (constable) sèvi li.

Konbyen sa koute pou jwenn yon lòd pou obligasyon alimantè?

Lè wou aplike pou obligasyon alimantè wou depoze yon “plent”. Tout plent eksepte Plent pou Obligasyon Alimantè pou Madanm oswa Timoun (Complaint for Support of Spouse or Child) avèk Plent pou Pwoteksyon kont Abi (G.L.c.209A) (Complaint for Protection from Abuse (G.L. c. 209A) genyen:

  1. Yon frè aplikasyon avèk yon $15 sipleman.
  2. Wap bezwen yon  $5 sitasyon tou.
  3. Yon adjwenn cherif oswa yon ajan polis dòdinè  fè peye  pou delivre plent la avèk manda a $35-$45.  Pa gengen frè peye pou delivre Plent pou Pwoteksyon kont Abi.

Frè pou depoze Plent

Frè pou depoze Plent pou Divòs (Complaint for Divorce) se $200.

Frè pou depoze Plent pou Sipò Separe (Complent for Separate Support) se $100.00.

Frè pou depoze Plent pou etabli Patènite (Complaint to Establish Paternity) se $100.

Frè pou depoze Plent pou Sipò, Titel,Vizit (Complaint for Support, Custody,Visitation) se $100.

Pa genyen frè pou depo, sipleman oswa frè pou sitasyon pou yon Plent pou Sipò Madanm oswa Timoun (Complaint for Support of Spouse or Child) oswa pou yon Plent pou Pwoteksyon kont abi (Complaint for Protection from Abuse (G.L. c. 209A).

M pa gen mwayen pou peye frè sa yo

Si wou resevwa èd leta oswa revni wou ba anpil, wou kab petèt fè renonse ak frè depo a (filing fees). Konsa leta ap peye frè pou delivre papye yo tou. Si w pa gen mwayen pou peye frè yo, ranpli yon Afidavi Endijans (Affidavit of Indigency). E mande majistra a sou biwo a ki te ba wou li a, pou apwouve li.

7. E si m bezwen sipò pou timoun nan touswit?

Si w mande obligasyon alimantè nan yon Plent pou Pwoteksyon kont Abi (Complaint for Protection from Abuse),ou dwe kapab jwenn enjonksyon an pratikman vit.

Si w fè yon lòt tip plent pou lajan pou sipò timoun lap pran pli lontan. Ou kapab jwen lajan pou sipò timoun pli rapidman si w soumèt yon Rekèt pou Sipò tanporè (Motion for Temporary Support) ansanm ak plent la.

Lè ou depoze plent la nan tribunal la, mande grefye a yon "fòm pou mosyon" ("motion form"). Pa genyen frè ekstra pou rekèt la. Ou fèt pou w bay cherif (sheriff) oswa ajan polis (constable) la rekèt la pou sèvi l avèk plent la. Si ou deja depoze e sèvi plent ou a, ou kapab depoze e sèvi Rekèt pou Sipò Tanporè a (Motion for Temporary Support) separeman.

Lè ou soumèt rekèt la ou fèt pou plase yon dat pou yon odyans sou li. Mande grefye a nan ki jou jij la tande odyans yo. Chwazi yon dat pou odyans ou a e antre dat la nan fòm rekèt la.

Lòt paran ap genyen pou ale nan tribunal nan jou jij la ap tande rekèt la sil vle agimante kont li. Wap genyen pou w ale nan odyans la tou e pote:

Si lòt paran an konparèt, tribunal ap mande ou menm avèk li pou rankontre avèk yon ofisye pwobasyon. Sa se pou wè si nou kapab rive a yon akò. Si ou genyen yon enjonksyon kanpe lwen 209A mande pou w chita nan yon chanm separe. Ou genyen dwa w pou w chita nan yon chanm separe ak lòt paran an. Ofisye pwobasyon ap fè ale vini ant nou pou eseye ede nou rive ak yon akò.

Pa rantre nan akò sou yon bagay ou santi ki pa jis. Ou genyen dwa pou w pale avèk jij la. Dòdinè jij la ap deside lòt paran an dwe peye montan lajan pou sipò timoun nan ki endike nan tablo a, oswa preske sa. Si w deside ou dakò pou mwens ke sa nan rankont la avèk ofisye pwobasyon an, asire ou reyèlman reflechi sou sa.

Aprè odyans la jij la ap pwobableman ekri yon enjonksyon tanporè. Enjonksyon tanporè a ap dire jiskaske ou genyen enjonksyon final la nan divòs ou oswa ka pou sipò a.

8. Kòman m kab dekouvri konbyen lòt paran an ap touche?

Men fason pou w montre konbyen lòt paran an ap touche:

  1. Aprè ou depose plent la,voye yon deklarasyon finansye rose bay lòt paran an pou ranpli e voye l tounen ba ou. Li dwe voye l tounen ba ou nan kèk grenn jou (Gade anba a)
  2. Si w genyen nenpòt souch chèk salè li ki resan, pote yo nan odyans la epwi montre jij la.
  3. Asiyen (Subpoena) dosye sou salè li (gade anba a)

Deklarasyon Finansye

Aprè ou depoze plent la, voye yon fòm Deklarasyo Finansyè (Financial Statement) vyèj avèk yon lèt bay papa pitit ou a pou mande l ranpli l nan yon sèten dat. Lòt paran an sipoze ba ou li nan 10 jou aprè ou mande li. Lè li voye l tounen ba ou, wa konnen konbyen lap touche, sil di ou laverite nan fòm nan.

Si ou pa voye yon lèt mande yon fòm Deklarasyon Finansye ranpli, lòt paran ankò sipoze ba ou li nan 45 jou aprè cherif la sèvi l plent la.

Si ou fè yon Rekèt pou Sipò Tanporè (Motion for Temporary Support), lòt paran an sipoze voye yon Deklarasyon Finansye ranpli ba ou omwen 2 jou avan dat odyans la.

Et si lòt paran pap ranpli Deklarasyon Finansye a?

Lalwa di lòt paran an dwe ranpli yon Deklarasyon finansye e voye yon kopi ba ou. Li kapab genyen pwoblèm avèk tribunal la sil refize fè sa. Sil pa voye fòm lan nan limit tan limit an, ou kapab fè yon rekèt pou mande Tribunal la pou fè li voye l. Yo rele sa Rekèt pou Oblije (Motion to Compel).

Asiyasyon pou dokiman salè

Si ou pa genyen souch salè, ou kapab "asiyen" "subpoena" dokiman salè yo. Yon asiyasyon se yon notis ofisyel ki ekzije yon moun pou vin nan tribunal pou temwaye, e kòm temwen. Yon asyasyon kapab oblije moun nan pou pote sèten dokiman tou.

Si ou genyen yon ka nan tribunal ou kapab voye yon asiyasyon bay travay lòt paran an. Asiyasyon an di staf pewòl dwe vini nan tribunal e di tribunal la konbyen lajan yo peye lòt paran an. Si estaf pewòl la pa vini nan tribunal la, yo kapab voye yon dosye sètifye sou salè lòt paran an dirèkteman bay tribunal la. Si Anplwayè a inyore asiyasyon an tribinal kapab mete yon manda arestasyon dèyè anplwayè a.

Kreye October 2009

Ou kapab itilize yon adjwen cherif (deputy sheriff) oswa (constable) pou sèvi asiyasyon an. Ou pa bezwen avoka oswa otorite ofisyel pou sèvi yon asiyasyon. Ou kapab mande yon zanmi pou l fè sa. Lè ou itilize yon adjwen cherif oswa yon ajan polis sa kapab ede w pou rasire ou sa ap fèt nan anrèg, epwi pwosesis la ap pli fasil. Men lap koute w lajan. Si ou genyen yon zanmi kap sèvi asiyasyon an, li dwe sèvi li kòrèkteman pou w kapab sir temwen an ap konparèt nan tribunal.

Men etap yo:

  1. Jwenn yon fòm pou asiyasyon (subpoena form). MassLegalHelp genyen fòm asiyasyon vyèj ou kapab desann e ranpli li nan entènèt la e konplete oswa enprime li e ranpli li alamen. Ou kapab jwenn fòm asiyasyon nan biwo grefye a nan tribunal la.
  2. Gade echantiyon fòm asiyasyon an (sample subpoena form) pou wè kòman pou ranpli li.
  3. Detèmine konbyen “frè temwen” (“witness fee”) an ap koute nan ka w la. Nan Massachusetts frè temwen an se $6.00 pou chak jou temwen an vin nan tribunal plis frè voyaj, 10 santim pa mil ale retou sot lakay temwen an al nan tribunal la. Si temwen an gen yon biznis o travay nan vil la kote tribunal la ye a, yo mezire 10 santim pa mil apati kote temwen an travay la. Yo dwe peye honorè temwen an avèk frè voyaj pou yon jou nan tribinal alavans. Ou kapab estime mileyaj la. (plis sou sa nan etap 11)
    • Ou kapab pa bezwen pou moun wap sèvi asiyasyon vin nan tribunal. Si sa ou bezwen reyèlman an se dokiman salè li, ou kapab mande moun nan pou voye yon “kopi konfòm e konplè” (“certified true and complete copy”) pito. Lè ou sèvi sitasyon an ou attache yon lèt avèk li pou di moun nan kòman pou l voye dokiman olye li vin nan tribunal. Genyen bagay moun nan genyen pou l fè sil vle voye dokiman yo olye li vini nan tribunal. Gade yon echantiyon lèt (sample letter).
  4. Chèche adrès moun nan ou vle asiyen an. Si ou bezwen dokiman salè li, chèche kote lòt paran an travay nan liv telefòn nan. Rele yo, pran adrès la, e chèche konnen kilès ki anchaj dokiman pewòl yo (yo rele yo achivis)
  5. Itilize non an ak adrès la, ranpli yon fòm asiyasyon (subpoena form). Lè ou ranpli fòm nan, enkli:
    1. ki rekèt wap fè,
    2. moun wap adrese nan rekèt la,
    3. tribunal moun nan genyen pou l ale a,
    4. kilè moun nan geyen pou li la, epwi
    5. non ka w la (Non ou kont Lòt paran an). Gade echantiyon asiyasyon (sample subpoena)
  6. Asiyasyon an dwe notarye. Pote asiyasyon ou ranpli a bay yon notè. Dòdinè genyen yon notè nan Lameri oswa bank local ou a. Notè a dwe notarye asiyasyon an avèk so li gratis oswa pou kèlke grenn dola.
  7. Fè de fotokopi fòm asiyasyon notarye avèk afidavi sèvis (affidavit of service) la ki atache avèk asiyasyon an.
  8. Ou kapab mande yon zanmi w sèvi asiyasyon an; men zanmi an dwe:
    1. Genyen pliske dizwi tan,epwi
    2. Li pa temwen nan ka w la, epwi
    3. Li pa fanmiy moun wap sèvi a
  9. Bay zanmi w nan “ frè temwen an” ("witness fee"), pou bay temwen an. Ekri montan an nan do touletwa kopi afidavi sèvis affidavit of service . Zanmi w nan kapab pote kopi asiyasyon yo nan travay lòt paran. Zanmi w an dwe ranpli (touletwa kopi afidavi) a affidavit of service (deklarasyon an ki attaché ak asiyasyon an ki di li bay tenmwen an asiyasyon an).
  10. Zanmi w nan kapab bay temwen an asiyasyon an (moun ki anchaj pewòl la) oswa recepsyonis la oswa pwopriyetè bisnis la. Lè zanmi w nan sèvi asiyasyon an li bezwen:
    1. di moun lap sèvi a lap ba li yon asiyasyon;
    2. bay moun lap sèvi a fòm asiyasyon notarye original la;
    3. bay moun lap sèvi a yonn nan kopi afidavi sèvis la zanmi li a ranpli a an menm tan lap di li sèvi li asiyasyon an; epwi
    4. bay moun lap sèvi a frè temwen an.
  11. Pote dezyèm kopi asiyasyon ak afidavi sèvis original la avèk ou lè ou ale nan tribunal. Ou kapab bezwen montre temwen te asiyen kòrèkteman.

Sa koute lajan pou sèvi yon asiyasyon. Depans yo genyen ladan yo frè temwen, frè sèvis si ou itilize yon adjwen cherif oswa yon ajan polis. Si ou pa kapab fè depans yo, ou kapab mande leta pou peye sèvis yo avèk frè temwen yo.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).