You are here

Kòman pou w Mande yon Lòd pou Sipò Timoun nan yon Ka pou Lòd Pwotektè 209A

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize May 2012

14. Kisa pou mwen fè aprè m fin ranpli fòm yo?

Aprè ou ranpli fòm yo, remèt yo bay grefye.

Depatman Pwobasyon an ap “verifye” dosye kriminel abizè a. Ya dekouvri si t e genyen lòt lòd pwotektè yo te pran kont li. Aprè Depatman Pwobasyon an fè “verifikasyon” sa yo, grefye a ap pòte fòm ou yo avèk enfòmasyon Depatman Pwobasyon an nan sal tribunal la.

Answit ou prale nan sal tribunal la pou yon “odyans.” Sal tribunal la se kote ou pale avèk jij la.

15. Kisa ki pral pase nan sal tribunal la?

Nan sal tribunal la wap genyen yon odyans "apa" ( "ex-parte"). “Ex parte” vle di wap pale avèk jij la san moun abizè a pa la. Jij la ap gade fòm ou ranpli yo epwi lap li deklarasyon w nan.

Jij la kapab mande w poukisa ou bezwen yon lòd pwotektè 209A. Di jij la sak te pase. Pale sou fè yo ou ekri nan papye a. Si w pote rapò polis, dokiman medikal, oswa foto abi yo montre jij la yo.

Si genyen yon entèsesè avèk ou, jij la kapab kite entèsesè a pale pou ou. Jij la kapab mande li kesyon sou ka w la. Oswa jij la kapab kite entèsesè a kanpe avèk ou, men li kapab vle se ou ki pale.

Jij la kapab di w la menm si lap ba ou lòd pwotektè a.

Kreye May 2012

Ou kapab petèt pa resevwa sipò a premye fwa ou wè jij la. Olyesa, jij la kab fikse yon dezyèm odyans. Odyans sa a rele Odyans "di-jou" oswa odyans "pwolonje".

Si ou mande sipò pou timoun, jij la dwe tcheke kare 13 la nan Fòm Prevansyon Kont Abi a (Abuse Prevention Order form). Kare 13 la di akize a pwochen odyans la ap genyen zafè sipò timoun ladan l. Lap di li dwe pote dosye finansye li yo nan tribunal la pou odyans sa a.  

Gade yon echantiyon Fòm pou Prevansyon Kont Abi

Sa kap pase nan dezyèm odyans la, odyans “di-jou” oswa odyans “pwolonje” a?

Nan odyans "di-jou" oswa odyans "pwolonje" a, jij la ap koute toulède pati yo. Eksplike poukisa ou bezwen lòd kanpe lwen an. Di jij la ekzakteman poukisa ou bezwen tou sa ou mande yo

Di jij la poukisa ou bezwen sipò timoun lan nan lòd pwotektè 209A a.  Sèten rezon ki fè ou kab bezwen sipò pou timoun lan se:

  • Ou pa genyen ase lajan pou w okipe timoun lan pou kont ou;
  • Ou bezwen sipò lamenm pou w kab okipe timoun yo e pou w kab kenbe w an sirte;
  • Ti moun yo bezwen sipò koulye a menm;
  • Lap pran twò lontan pou w jwenn sipò pou timoun lan nan yon  tou nouvo ka;
  • Ou pa konnen la koulye a si w pral aplike pou divòs o non;
  • Ou santi li pa pridan pou w oblije al nan trennen akize a nan tribunal ankò pou sipò timoun lan;
  • Tribunal Lafanmiy ak Omologasyon an, kote pou w aplike pou ka sipò separe yo, twò difisil pou w rive ladan li.
  • Ou pap kapab pran tan lib nan travay ou oswa elwaye w ak timoun yo pou w ale trennen nan yon lòt ka nan tribunal pou sipò timoun.

Si jij la dakò pou li bay lòd pou sipò timoun nan, lap gade papye tribunal yo pou l deside ki valè lajan sipò pou l òdone. Jij la ap gade:

  1. Afidavi Pleyan an pou Apiye Rekèt pou Sipò Timoun nan (Plaintiff's Affidavit in Support of Request for a Child Support Order),
  1. Afidavi Akize a an Koneksyon ak Rekèt pou Lòd pou Sipò Timoun nan (Defendant's Affidavit in Connection with Request for Child Support Order) avèk
  2. Dosye finans yo jij la te òdone Akize a pou l pote nan odyans la. Gen lis enfòmasyon sa yo akote kare 13 la nan fòm pou Prevansyon Kont Abi a (Abuse Prevention Order form)

Kòman pou m fè konnen jij la enkli sipò pou timoun lan nan lòd la?

Jij la tcheke kare pou sipò timoun lan ki vin aprè Kare 9 la nan Seksyon A Lòd Prevansyon Kont Abi a (Box 9 in Section A of the Abuse Prevention Order).

Kòman pou m fè Depatman Revni an kolekte lajan sipò timoun lan?

Si ou vle pou Depatman Revni (DOR/CSE) kolekte sipò pou timoun lan nan travay akize a epwi voye l ba ou:

  1. Mande jij la pou tcheke premye kare a nan seksyon 9 Lòd Prevansyon Kont Abi a (Abuse Prevention Order), pati pou sipò timoun lan nan lòd kanpe lwen an;
  2. Ou kapab ranpli yon Aplikasyon pou Sèvis Ekzekisyon Sipò pou Timoun DOR la (Application for DOR Child Support Enforcement Services)
    1. Aplikasyon an gen plas pou ekri non ak adrès ou pou DOR/ CSE kapab konnen kibò pou voye lajan sipò pitit ou a,
    2. Asire w pou w li seksyon sou Revelasyon Enfòmasyon nan paj 4 aplikasyon an, 
    3. Nan seksyon 5 aplikasyon an ou enfòme Dor sou lòd kanpe lwen an ak preyokipasyon w pou sirte ou, ak tout krent ou pou bay adrès ou;
  3. Fe kopi chak dokiman pou achiv ou;
  4. Poste aplikasyon an avèk yon kopi lòd tribunal la bay:
    Massachusetts Department of Revenue
    Child Support Enforcement Division, P.O Box 7057
    Boston, MA 02204.

Kisa m kapab fè sim ale nan yon Tribinal Distrik eke jij la di mwen pou m ale nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon pou sipò timoun?

Gen jij Tribunal Distrik ki panse yo pa dwe pase lòd pou sipò timoun.  Kèk lòt panse se travay Tribinal Lafanmiy ak Omologasyon pou pase lòd pou sipò timoun.  Sèten jij ap di ou ale nan Tribinal Lafanmiy ak Omologasyon pou sipò timoun.

Pou w eseye anpeche sa rive ou, raple jij la pwen sa yo, si yo aplikab pou ou:

  • Mach Aswiv 2:07 /Guideline 2:07 (45) avèk Mach Aswiv 6:05 B/ Guideline 6:05B (128) Mach Aswiv pou Prevansyon Kont Abi (Abuse Prevention Guidelines) toulède di klèman yo pa dwe voye pleyan kap chèche pwoteksyon nan Tribinal Distrik avèk Tribinal Minisipal Boston ( se oumenm) nan tribunal Lafanmiy avèk Omologasyon pou sipò timoun.
  • Si w pa marye avèk akize a, ou kapab pa genyen yon rezon pou soumèt anyen nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon.
  • Si ou marye avèk akize a, li kapab pa yon meyè desizyon pou w ta aplike pou divòs o separasyon koulye a. Jij la kapab mande ou pou w eksplike poukisa ou pa prè pou w divòse.  Asire ou pou w genyen yon repons pou kesyon sa a.
  • Eksplike li, oumenm ak tout pitit ou ap genyen plis sirte si w kab jwenn lòd pou sipò koulye a. Ou pap oblije gen kontak avèk abizè a pou yon bout tan. Eksplike l ou pa santi li pridan pou w fè fas ak abizè a yon lòt fwa nan yon lòt tribunal. Se yon moman kriz wap viv.  Ou bezwen sipò pou timoun lan koulye a.  Ou bezwen tan pou w panse ak deside sou pwochen etap kap bay plis sirte pou ou ak pitit ou.    
  • Ka sipò timoun nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon pran twòp tan.  Si ou genyen pou w ale nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon li kab pran twò lontan pou ou jwenn yon odyans, e ou bezwen sipò koulye a.
  • Sa koute anpil lajan, ke ou pa genyen, pou w aplike pou divòs nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon.
  • Sa kapab twò difisil pou ou pou w ale nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon ki pli prè a.
  • Pou w aplike pou sipò nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon wap bezwen pran plis tan lib nan travay ou, eke ou pa kab fè sa e ankò okipe tèt ou ak pitit ou.
Pwodwi pa Attorney Jeff Wolf for MassLegalHelp
Revize August 2013

Jwenn sipò pou timoun kankou pou l fè pati yon lòd pwotektè 209A se yon desizyon enpòtan.  Li kapab ede w kenbe ou ansirte ak tout pitit ou. Men se ou sel ki kapab deside si w bezwen sipò pou timoun nan pou w kenbe tèt ou ak tout pitit ansirte.  Se ou sel ki kab deside sil pridan pou w mande pou sipò timoun yo fè pati lòd 209A a w la.

Si w bezwen pou sipò timoun lan enkli nan lòd pwotektè 209A w la ou bezwen pou w:   

  1. Deside ki tribinal ou pral mande pou sipò a fè pati lòd pwotektè 209A a.     
  2. Deside si ou vle Divizyon pou Ekzekite Lòd Sipò Timoun lan nan Depatman Revni an (DOR/CSE) kolekte lajan sipò pitit la pou ou (the Department of Revenue Child Support Enforcement Division (DOR/CSE).
  3. Cheke Kare 7 la nan paj 1 Plent pou Pwoteksyon Kont Abi a epwi ranpli lòt fòm ou bezwen deplis yo.
  4. Ou dwe atann ou pou jij la petèt pa ba ou lòd pou sipò a nan premye odyans la. Premye odyans la se sa lè ou ale nan tribunal la pou jwenn yon lòd ijan, e akize a ponkò konnen anyen sou ka a.  Wap genyen pou w tounen pou yon dezyèm odyans, “odyans 10-jou a oswa odyans “pwolonje”.
  5. Nan dezyèm odyans la (the second hearing) ou dwe prè pou w eksplike poukisa ou bezwen sipò pou timoun nan
  6. Ou dwe konnen sa pou w di si jij la di ou pou w ale nan yon diferan tribinal (the judge tells you to go to a different court).

Kòman yon lòd 209A pou sipò timoun kab ede m ak sirte mwen?

Lè ou jwenn sipò pou timoun nan lòd 209A w la li kapab ede w avèk pitit ou nan sirte nou paske:

  • lap ede w okipe pitit ou pou kont ou;
  • lap ede ou peye bagay pitit ou kapab bezwen akòz abi yo;
  • lap ede w jwenn sipò pou pitit ou pli bonè olye wal nan louvri yon ka sipò timoun separe;
  • ou pap gen pou w konfwonte abizè a nan yon lòt ka sipò timoun ;
  • yo pap pèmèt abizè a kontakte w sou sipò timoun lan;
  • DOR/CSE kapab kolekte lajan sipò a nan men abizè a pou ou-
    • abizè a kapab peye sipò timoun nan bay DOR/CSE, oswa
    • konpayi an kapab pran sipò a dirèkteman nan chèk li e voye li bay DOR/CSE; epwi
  • abizè a pa bezwen konnen kibò ou ye.

Nan ki tribunal pou m ale?

Nenpòt tribunal ki fè ka 209A kapab pase lòd pou sipò timoun nan ka lòd kanpe lwen 209A. Tribinal Distrik, Tribinal Minisipal Boston, ak Tribinal Lafanmiy ak Omologasyon fè ka 209A. Si ou gen tan pou w deside sou ki tribunal pou w ale panse sou:     

Ki fòm mwen bezwen?

Lè ou mande sipò timoun avèk yon lòd 209A, itilize tout menm fòm yo ou itilize pou lòd 209A a ak kèk lòt deplis. Fòm wap bezwen yo se:

  1. Paj 1 plent for Proteksyon kont Abi (G.L. c. 209A) /Page 1 Complaint for Protection from Abuse  (G.L.c.209A),
  2. Paj 2 plent for Proteksyon kont Abi (G.L. c. 209A) / Page 2 Complaint for Protection from Abuse (G.L.c.209A) kesyon konsènan timoun,
  3. Fòm Enfòmasyon Konfidansyel pou Pleyan (Plaintiff Confidential Information Form),
  4. Fòm Enfòmasyon pou Akize a (Defendant Information Form)
  5. Afidavi Pleyan pou Apiye Rekèt pou yon Lòd pou Sipò Timoun (Plaintiff's Affidavit in Support of Request for a Child Support Order),
  6. Fèy Kalkil Mach Aswiv pou Sipò Timoun (Child Support Guidelines Worksheet,
  7. e si ou aplike nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon ou kapab bezwen:
    1. Deklarasyon Finansyè (Financial Statement),
    2. Rekèt pou Konfiskasyon enfòmasyon avèk Afidavi (Motion for Impoundment and Affidavit).

Kisa fòm sa yo ye?

Paj 1 Plent pou Pwoteksyon kont Abi/G.L.c. 209A (Page 1 Complaint for Protection from Abuse /G.L. c. 209A)
Seksyon J fòm lan kòmanse konsa: “Ankonsekans mwen mande Tribinal la” (“Therefore I ask the court”). Cheke tout kare yo ki di tribunal la sa w bezwen yo. Si w bezwen sipò pou timoun, cheke kare 7 la.  Kare 7 la di jij la wap ranpli paj 2 a nan fòm Plent la. Paj 2 a konsène timoun.

Paj 2 Plent pou Pwoteksyon kont Abi/G.L.c. 209A (Page 2 Complaint for Protection from Abuse (G.L. c. 209A) di “Kesyon apwopo Timoun” antèt li. Pou w mande sipò timoun, cheke kare a nan seksyon F la. Sipò Tanporè. Seksyon F la anba paj la. Gade sou yon echantiyon paj 2 (sample page 2). Kare nan pati F la ki mande pou sipò tanporè a cheke.

Afidavi Pleyan pou Apiye Rekèt pou yon Lòd pou Sipò Timoun (Plaintiff's Affidavit in Support of Request for a Child Support Order)

Ou se pleyan an. Moun abizè a se akize a. Itilize fòm sa a pou w bay jij la enfòmasyon li bezwen konnen sou revni ou, revni akize a avèk depans yo. Afidavi pou sipò timoun 2012 la nouvo.  Lè w siyen li, ou sèmante sou li kòm laverite.

Fòm Enfòmasyon Konfidansyel Pleyan an (Plaintiff Confidential Information Form) Itilize fòm sa a pou w bay tribunal la enfòmasyon pèsonel kankou adrès ak nimewo telefòn avèk pou kenbe l an sirte kont akize a. 

Fòm Enfòmasyon Akize a (Defendant Information Form) Itilize fòm sa a pou w di lapolis kòman pou yo jwenn e pou yo idantifye moun abizè a.

Fèy kalkil Machaswiv pou Sipò Timoun (Child Support Guidelines Worksheet)
Jij yo dwe swiv règ yo lè yo deside sou valè lajan sipò yo òdone pou timoun nan. Règ sa yo rele Mach Aswiv pou Sipò Timoun (Child Support Guidelines).  Jij yo itilize Fèy Kalkil la pou yo jwenn valè lajan sipò Mach Aswiv yo di yo dwe òdone. Nan fèy kalkil la, paran kap peye sipò a se “peyè”. Si timoun nan rete lakay ou, e se ou ki paran kap resevwa sipò a, ou se “resevè” a.
Pa anba fòm nan, ou kapab wè mo, Tablo Mach Aswiv pou Sipò Timoun (Child Support Guidelines Chart). Tablo sa a montre ou “valè sipò konbine” a ki ale nan liy 2 (a) nan fèy kalkil la. Fèy kalkil nan entènèt la kalkile chif sa otomatikman pou ou.

Deklarasyon Finansyè (Financial Statement)- se selman si ou aplike nan Tribinal Lafanmiy Avèk Omologasyon.
Si w louvri yon ka pou lòd kanpe lwen 209A nan Tribinal Lafanmiy ak Omologasyon, ou kapab genyen pou w fè yon Deklarasyon Finansyè tou. Gade Kòman pou w Ranpli yon Deklarasyon Finansyè  (How to Fill Out a Financial Statement). Akize a ap genyen pou li fè yon Deklarasyon Finansyè tou.

Pou anpeche akize a konnen enfòmasyon ki kab yon risk pou sirte ou:

Aprann bagay bazik yo sou lòd pwotektè 209A (209A protective orders).

Gade kèk echantiyon fòm ki déjà ranpli:

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).