You are here

Nouvo machaswiv 209A yo - ale nan Tribinal “Ki Pa Konvenab” la

Pwodwi pa Attorney Jeff Wolf for MassLegalHelp
Kreye janvye 2012

Kisa ki tribunal “konvenab” la?

Si ou bezwen yon lòd Pwotektè 209A, ou sipoze ale nan tribunal ki kouvri zòn kote ou rete a. Si ou te kite paske yo tap abize w, ou ankò kapab retounen nan tribunal bò kote ou te rete a. Ou kapab ale nan tribunal ki kouvri nouvo rezidans ou a tou.

E si mwen ale nan tribunal ki “Pa Konvenab la”?

Ou kapab abouti nan tribunal ki “Pa Konvenab” la, yon tribunal ki pa kouvri ni nouvo ni ansyen rezidans ou a.

Seksyon 1:09 Machaswiv 2011 yo, paj 27 (Section 1:09 of the 2011 Guidelines, page 27 says that)

    1. Si pa erè ou ale nan tribunal ki “Pa Konvenab” la, jij la dwe sèlman voye ou nan tribinal “Konvenab” la sil sir:
      1. li gen sirte pou w ale nan tribunal ki “Konvenab’’ la
      2. li bonè ase nan jounen an pou w gen yon odyans nan tribunal “Konvenab’’ la
      3. ou genyen transpò pou w ale nan tribinal “Konvenab” la.
    2. si jij la voye w nan tribunal “konvenab” la, li dwe di tribunal la pou atann wap vini.
    3. si jij la deside pou pa voye w nan tribunal ki “konvenab” la. Ou kab mande jij la pou li fè ka w la. Konsa jij la dwe ba ou yon odyans.

Si jij la pase yon lòd ijan, li kapab dire di jou. Pwochen odyans la ap fèt nan tribinal ki “konvenab” la. Wap resevwa yon notis pou endike w kibò pou w ale.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).