You are here

Nouvo Machaswiv 209A a Pa Kouvri Jij Desèvis

Pwodwi pa Attorney Jeff Wolf for MassLegalHelp
Kreye janvye 2012

Seksyon 1:10 Machaswiv 2011 yo, paj 31 (Section 1:10 of the 2011 Guidelines, page 31 says that)

Si ou ale nan yon tribunal e pa genyen jij desèvis, grefye tribunal la dwe ede ou jwenn yon odyans avèk yon jij nan yon lòt tribunal, nan telefòn.

Ou ranpli papye yo epwi grefye a fakse yo bay lòt jij la. Konsa lòt jij la fè odyans la nan telefòn. Odyans la dwe pou li anrejistre.

Si jij la pase lòd la, pwochen odyans la dwe fikse nan yon dat lè ap genyen yon jij la prezan.

Si ou nan tribunal ki “konvenab” la, toudepan kote w rete oswa ou te rete, yo “pa” dwe voye ou nan yon lòt tribinal. Grefye a pa dwe di pou w tann jislè Sistèm Repons Jidisyè Ijan an rantre ansèvis a 4:30 p.m.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).