Nouvo Machaswiv 209A yo Adrese Kesyon sou Jwenn yon Lòd Kanpe Lwen Lè Tribinal yo Fèmen

Pwodwi pa Attorney Jeff Wolf for MassLegalHelp
Kreye janvye 2012

Lè tribunal yo fèmen genyen yon jij ki “desèvis.” Si ou bezwen yon lòd kanpe lwen lè tribunal yo fèmen, ou kapab ale nan biwo lapolis.

Seksyon 11:00 Machaswiv 2011 yo, paj 191 di (Section 11:00 of the 2011 Guidelines, page 191 says that)

Jij “desèvis” la pale avèk lapolis anvan, pou asire li:

  1. Ou te depoze yon Plent 209A avèk yon Afidavi;
  2. Lapolis cheke dosye tribunal yo pou wè si pa genyen okenn ansyen oswa aktyel lòd kanpe lwen kont akize a. Dosye tribinal yo se Enfòmasyon sou Dosye Aktivite Tribinal la /Court Activity Record Information/CARI avèk Rejis Lòd Kanpe Lwen Sivil Eta a (State wide Registry of Civil Restraining Orders)
  3. Lapolis cheke Sistèm Administratif Pou Manda (Warrant Management System) a pou wè si pa genyen okenn manda dèyè akize a.

Aprè lapolis bay jij la enfòmasyon an, jij la pale direkteman avèk ou.

Si jij la pase yon lòd ijan an, lap sèlman tanporè. Lap sèlman ret anvigè jiska lafen pwochen jou tribinal louvri a e ki gen yon jij. Jij la dwe di ou pou w ale nan tribinal la nan 9 :00 è dimaten pou yon odyans. Jij la dwe di ou lòd la ap ekspire nan fen jounen travay la si ou pa prezante nan tribinal la.

Jij la avèk Lapolis la dwe sèten ap vrèman genyen yon jij nan pwochen jou tribunal la louvri a.

Lapolis ap pote papye yo nan tribunal ki konvenab la a.

Nan ki tribinal jij “desèvis’’ la ap di w ale nan pwochen jou biwo louvri a?

Seksyon 11:00 Machaswiv 2011 yo, paj 192 di (Section 11:00 of the 2011 Guidelines, page 192 says that)

Jij “desèvis” la ap dòdinè, voye w nan Tribinal Distrik la oswa Tribinal Minisipal Boston nan kote w rete a.

Pafwa jij “desèvis” la ap voye w nan yon Tribinal Lafanmiy ak Omologasyon men sèlman si:

  1. oumenm avèk akize a deja genyen yon ka ouvè nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon kote
    • genyen kesyon gadyen oswa vizit o
    • kesyon gadyen o visit kab soulve paske ou aplike pou 209A a,

    epwi

  2. ou dakò pou voye ka a nan Tribinal Lafanmi avèk Omologasyon.

Jij la pa dwe voye ou nan yon tribunal Lafanmi avèk Omologasyon, menmsi ou dakò, si:

  1. yo te arête akize poutèt abi a oswa yo te lage yon manda dèyè li oswa lapolis ap mande met manda dèyè li, oswa
  2. Tribunal Lafanmiy avèk Omologasyon ki konvenab la pa disponib touttan sou yon baz regilye, oswa
  3. ou pa kapab ale nan Tribinal Lafanmiy avèk Omologasyon ki konvenab la.

Ki moun pou rele pou ede w

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).