"Vyolans Domestik" vle di anpil kalite abi yon manm yon fanmi, yon moun kay la, oswa yon patnè entim komèt kont yon lòt manm fanmi an, kay la, oswa yon patnè entim. "Vyolans Domestik" vle di tou anpil fòm abi yon moun komèt kont yon lòt nan sèten relasyon nan menaj oswa nan fiyansay yo.
Ou kapab chèche yon lòd tribunal pou pwoteje tèt ou si abizè w la
- andomaje ou fizikman,
- eseye andomaje ou fizikman,
- fè ou pè li kapab ba ou andomajman fizik serye, oswa,
- menase w, fè presyon oswa fòse ou pou w fè sèks.
Lòd tribunal la se pou pwoteje ou kont plis andomajman. Sa rele "lòd pou prevni abi," yon "lòd pou retni, lòd prigad," oswa "209A". "Vyolans Domestik " pafwa rele "bastonen," e li refere tou ak mòd pouvwa ak kontwòl abizif nan fanmi, kay, ak relasyon patnè entim.
Konnen dwa ou: Vyolans Domestik ( Know Your Rights: Domestic Violence), Baro Avoka Ameriken an piblye, di "Vyolans Domestik se yon bann konpòtman yo ki kankou anmòd pou pran ak mentni pouvwa ak kontwòl sou yon patnè entim, tèlke vyolans fizik, abi emosyonel, izolman victim lan, abi ekonomik, entimidasyon, ak presyon avèk menas."