You are here

COVID-19 ak Avantaj DTA yo

Revize 23 mas 2020

Biwo Depatman Asistans Tranzitwa (Department of Transitional Assistance, DTA nan lang anglè) yo p ap resevwa vizit fas-a-fas

Randevou fas-a-fas

Poutèt COVID-19, apati mèkredi 18 mas epi jiska nouvèl òd, biwo lokal DTA yo p ap resevwa vizit fas-a-fas.Men yo pran angajman pou sèvi ou nan telefòn ak sou entènèt la.Ou ka toujou fè biznis ak DTA :

Aplike pou SNAP

  • sou entènèt:  Itilize  DTAConnect.com
  • faks: DTA Document Processing Center (Sant Tretman Dokiman DTA a) (617) 887-8765
  • Pa lapòs: DTA Document Processing Center P.O. Box 4406 Taunton, MA 02780 oswa
  • atravè yon enstitisyon ki ofri sèvis SNAP yoRele: Project Bread (800) 645-8333 The Food Bank of Western MA (413) 247-9738 The Greater Boston Food Bank (617)427-5200, oswa Lòt enstitisyon sasosye ki ofri sèvis SNAP yo nan Massachusetts : Mass.gov/snap-outreach.
  • DTA p ap aksepte aplikasyon SNAP fas-a-fas.

Aplike pou èd lajan kach AFDC oswa EAEDC

Rele biwo DTA lokal ou a pou kòmanse yon aplikasyon pou èd lajan kach TAFDC oswa EAEDC.Ou p ap ka aplike pou èd lajan kach sou entènèt oswa fas-a-fas.

Kat EBT yo

Si w bezwen yon nouvo kat EBT oswa ou bezwen ranplase youn, sèvi ak Liy Telefòn Asistans DTA a ki se (877) 382-2363. Biwo Asistans Tranzitwa ki pi pre w la ap voye yon kat ranplasman ba ou pa lapòs.Suiv DTA sou Twitter @DTA_Listens Mass.gov/DTA

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).