You are here

Homeowners

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize September, 2021

Èske w bezwen èd pou peye lwaye w oswa ipotèk ou ?

Èd leta a

Gen plizyè pwogram èd lwaye nan eta a ki ka ede lokatè yo ak pwopriyetè yo peye lwaye oswa ipotèk yo, ansanm ak fakti sèvis piblik yo owa depans demenajman yo.

  • Pwopriyetè ak lokatè ki elijib yo kapab resevwa jiska $10,000 pou fè peman ipotèk oswa lwaye ki pase deja ansanm ak sa ki pòko rive yo, avèk pwogram RAFT (Èd rezidansyèl pou fanmi nan peryòd tranzisyon) ak ERMA (Èd ijans ak lwaye epi ipotèk) yo.
  • Pou fè yon demann pou w benefisye de nenpòt nan pwogram sa yo, chèche ajans ki bò lakay ou oubyen rele nan 800-224-5124.

Èd lokal

Kontakte pwogram aksyon kominotè ki nan zòn ou a oswa Direksyon Lòjman ki nan zòn ou a pou mande si gen pwogram èd pou lokasyon ak ipotèk.. Ou kapab verifye Baz donè pwogram èd lokasyon dijans lan tou pou w jwenn enfòmasyon konsènan lòt resous lokal nan men ajans lòjman rejyonal ou a.

Si w enkyete ke w p ap ka fè peman ipotèk ou yo, kontakte prestatè ipotèk ou a, ki se konpayi kote w voye peman mansyèl ou yo. Gade atestasyon ipotèk mansyèl ou a pou jwenn nimewo telefòn ak adrès prestatè ipotèk ou a. Li enpòtan pou kontakte yo pi vit ke posib. Si w rate yon peman, ou gen dwa gen fre pou w peye epi sa ka anpire sityasyon kredi w la pandan plizyè ane.

Èske w bezwen èd pou peye sèvis minispal ou yo ?

Konpayi sèvis piblik yo gen dwa koupe sèvis sa yo kounyeya pou kliyan ki pa peye bil yo, sòf si gen yon sikonstans espesyal ki anplas pou pwoteje kliyan an. Pwoteksyon espesyal sa yo fèt pou moun ki gen yon maladi ki grav epi pou ti bebe ak ti granmoun tou. Kontakte konpayi prestatè sèvis piblik ou a oswa sèvis minisipal la dirèkteman pou w kapab fè yon demann pou w jwenn yon pwoteksyon espesyal konsa.

Gen èd ki disponib pou peye bil sèvis piblik yo, gaz, telefòn ak entènèt. Aprann plis sou sa isit.

Èske w bezwen èd ak manje ?

Pwogram Ministè Èd Tanporè Massachusetts (DTA) SNAP la se yon kòb ou resevwa chak mwa ki pou ede w achte manje. Pandan pandemi an, tout fanmi ki resevwa SNAP ap benefisye de montan maksimòm nan pa rapò ak kantite moun yo genyen lakay yo a. Apati 1ye janvye 2021, yon fanmi ki gen 3 moun gen dwa resevwa jiska $615 ! Aprann plis epi fè yon demann:

  • sou DTAConnect.com.
  • Ou kapab fè demann nan sou telefòn tou. Rele Liy Asistans DTA a nan 877-382-2363.

Pou jwenn èd pou achte manje ann ijans, kontakte Liy Dirèk Project Bread FoodSource nan 800-645-8333.

Èske w bezwen èd pou jwenn lajan nan pòch ?

Fanmi ki gen timoun epi kèk fanm ansent ki gen yon revni ekonomik ki vreman ba oswa ki pa gen revni ditou gen dwa kalifye pou resevwa yon èd pou jwenn lajan nan pòch nan men pwogram TAFDC Massachusetts la. Granmoun ki gen 65an oubyen plis ke sa, oswa moun ki gen andikap ki gen yon revni ekonomik ki vreman ba oswa ki pa gen ni revni ni lajan ditou, gen dwa kalifye pou resevwa yon èd pou jwenn lajan nan pòch nan men pwogram EAEDC a. Pou jwenn plis enfòmasyon epi pou fè yon demann, konsilte sit wèb DTAConnect.com oswa rele biwo DTA ki nan zòn pa w la.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).