Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

COVID-19 ak Sèvis Piblik yo

Revize 17 novanm 2020

Konpayi sèvis piblik yo pa dwe koupe sèvis

Depatman Sèvis Piblik (Department of Public Utilities, DPU nan lang anglè) te pwolonje moratoryòm pou sèvis piblik li a pandan Massachusetts nan yon eta dijans.

Depatman Sèvis Piblik yo entèdi konpayi sèvis piblik yo koupe sèvis jiska 1 avril 2021.

Se sa yo rele yon moratoryòm.

DPU ap raple nou p ap vle pou nou ta oblije peye yon gwo bòdwo bay konpayi sèvis piblik yo lè kriz sa a fini. Se poutèt sa, nou dwe fè sa nou kapab pou peye bòdwo sèvis piblik yo menm si konpayi yo pa ka koupe sèvis lakay nou. 

Pou fini, lè eta dijans la fini, DPU egzije konpayi sèvis piblik yo pou yo fè tou aranjman rezonab pou ede ou peye bòdwo ou avan yo koupe sèvis lakay ou.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).