Avi ijan Konsènan Nouvo Kowonaviris la (COVID-19)
- Tribinal yo fèmen eksepte pou zafè ijan yo jiska 13 jiyè 2020.
- Si w bezwen yon enjonksyon restriktiv 209A (lòd pou yon moun rete lwen w) an ijans oswa yon desizyon tribinal 258E pou anpeche yon moun asele w, al gade nan Asking the court for a restraining order or harassment prevention order during COVID-19 (mande tribinal tribinal la yon enjonksyon restriktiv oswa yo desizyon pou anpeche moun asele w pandan COVID-19 la.
- Se yon ijans si mèt kay ou rete a fèmen w deyò oswa koupe sèvis piblik ou yo, al gade nan Illegal Eviction (eviksyon ilegal)
- Ou gen dwa pou w genyen yon entèprèt
Jou ki te 10 mas la, Gouvènè Charlie Becker te deklare yon Eta Dijans pou bay biwo ki ofri sèvis leta yo ak ajans leta yo plis libète pou yo ka reponn a epidemi Maladi Kowonaviris 2019 (COVID-19) la.
Pwogram èd jiridik nan Massachusetts yo toujou ap ede kliyan yo pandan ijans COVID-19 la. Men, biwo yo p ap louvri pou piblik la vini san randevou. Si ou bezwen èd, rele pwogram èd jiridik lokal ou a nan telefòn oswa kontakte yo sou entènèt la.
Tribinal yo ak plizyè ajans te chanje fason yo opere oswa ba ou sèvis. Nou fè yon rezime gwo chanjman ou bezwen konnen yo. Men, se chak jou pwosedi yo ap chanje. Se poutèt sa n ap mande w pou ou suiv lyen ki mennen ou nan plizyè lòt paj yo pou w asire ou jwenn enfòmasyon ki pi resan yo.