You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Dwa ou pou genyen yon Intèprèt nan Tribinal

Revize Avril 2013

Eske mwen genyen dwa pou mwen genyen yon entèprèt lè mwen ale nan Tribinal?

Wi. Sil difisil pou w konprann oswa pale anglè, wou genyen dwa pou yon entèprèt nan tribinal. Kelkeswa lang natif-natal wou. Tribinal la sipoze ba wou yon entèprèt.

Kijan mwen kapab mande pou yon entèprèt?

Di grefye tribinal la wou bezwen yon entèprèt. Li dwe genyen yon afich ’’Mwen Pale kole oswa kouche sou biwo grefye a.

Pwente lang wou a nan afich "Mwen Pale a. Konsa grefye a ap konnen lang wou pale a. Grefye ap jwenn yon entèprèt ki pale lang ou a.

Epitou, chak tribunal gen yon grefye espesyal yo rele “Lyezon Tribinal” la. Lyezon an fè rekèt pou entèprèt la. Sistèm tribunal afiche non Moun Lyezon Tribinal yo avèk enfòmasyon pou kontakte yo nan websit yo a.

Konbyen sa koute pou yon entèprèt?

Pou wou yon entèprèt tribunal gratis. Tribunal la peye entèprèt la.

Kisa yon entèprèt tribinal fè?

Se travay entèprèt la pou ede wou kominike avèk tribinal la. Entèprèt tribinal yo se pwofesyonèl. Yo pale toulède lang wou avèk anglè yo toulède kouramman.

Travay yon entèprèt tribunal se pou li:

  • di wou sa pèsonel tribunal la di wou;
  • di wou kesyon fòm tribunal yo mande wou;
  • di pèsonel tribunal la sa wap di;
  • tradwi mo wou yo an anglè nan fòm tribunal yo;
  • komike wou tout detay sou sa yo di wou avèk sa wou di. Li pa dwe ajoute anyen, chanje anyen oswa kite anyen.

Yon entèprèt tribunal pa kapab:

  • aksepte okenn lajan oswa kado nan men wou;
  • fè konvèsasyon pèsonel avèk wou;
  • pataje enfòmasyon sou ka w la avèk okenn lòt moun;
  • fè patipri oswa ba wou opinyon pèsonel li sou ka w la.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).