You are here

Eske m kapab jwenn pou tribinal la retire frè yo pou mwen?

Pwodwi pa Merrimack Valley North-Shore Legal Services, Inc.
Revize September 2013

Tribinal la dwe pase frè pou depoze plènt yo ak lòt depans konsènan ka w la, si revni ou ba ase. Genyen yon fòm nan tribinal pou ou mande pou pase frè sa yo pou ou- Afidavi Endijans (Affidavit of Indigency).  Nan fòm sa a, wap chawzi yonn nan 3 rezon ki fè ke revni w twò ba a pou w peye frè tribinal ou yo:

A. Ou resevwa yonn nan èd piblik yo ki nan lis Kategori A, al gade Kategori A;

B. Lajan revni ou egal oswa li mwenske yon sèten valè.  Plis moun ki depann  sou ou tankou timoun, oubyen fanmiy andikape, seplis revni kapab wo. Gouvènman federal la fikse valè lajan    sa a chak ane.  Al gade Kategori B; oubyen

C. Menmsi lajan revni w la pi wo pase valè Gouvènman Federal la endike kòm revni ki ba a, ou ankò pa gen mwayen pou w peye frè tribinal yo konsènan ka w la. Al gade Kategori C.

Si ou chwazi Kategori A oubyen B a, tribinal la oubyen grefye a nan tribinal la dwe apwouve Afidavi Endijans ou a otomatikman.

Si w chwazi rezon C a, wap gen pou w ranpli yon lòt fòm tou. Al gade Kategori C

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).