You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

E si grefye a pa apwouve Afidavi Endijans mwen an toutswit?

Pwodwi pa Merrimack Valley North-Shore Legal Services, Inc.
Revize August 2013

Dwa ou yo

Grefye a kapab fè 2 bagay:

  1. Apwouve Afidavi Endijans ou a,  oubyen 
  2. Voye li bay devan yon jij la pou deside sou li.

Grefye a pa gen dwa mande ou plis enfòmasyon finansyè ou oubyen dokiman lè ou ap ranpli Afidavi Endijans ou a si:

  • Ou tcheke Kategori A oubyen B,
  • Ou ranpli seksyon II ak III nan fòmilè a, epi
  • Ou siyen ak met dat lan fòm nan.

Lalwa di ke grefye a dwe apwouve Afidavi Endijans ou a imedyatman si li sanble " li regilye epi li konplèt."

Jij an Chèf nan Marechal Tribinal Jidisyè Siprèm lan te ekri yon nòt ki di grefye yo pou obsève lalwa a.

Pafwa yon grefye ap di ou yo bezwen plis enfòmasyon finansyè oubyen dokiman ou anvan yo kapab apwouve Afidavi Endijans ou a.  Pa ekzanp:

  • Si ou tcheke Kategori A a, grefye kab mande dokimantasyon ki montre ke ou resevwa yonn nan benefis sa yo.
  • Si ou tcheke Kategori B a, grefye a kab mande w yon souchchèk, oubyen pou w ranpli plis fòm finansyè.

Kisa mwen kapab fè si grefye a mande m plis enfòmasyon?

Si ou tcheke Kategori A oubyen B a, epi ou ranpli rès fòm nan byen, e grefye a mande w pou plis enfòmasyon oubyen dokiman, raple li lwa a avèk enstriksyon Lakou Jidisyè Siprèm yo.

Si grefye a voye Afidavi Endijans ou a devan jij la pou deside sou li, ou ankò kapab soumèt papye tribinal ou yo. Ou pa oblije peye frè yo lè w depoze plènt la.  Men si Afidavi Endijans ou a pa korèk, epi revni ou twò wo pou retire frè yo pou ou, ou kapab genyen pou ou peye yo plita.

Si ou gen pwoblèm pou ranpli Afidavi Endijans ou a, ou kapab rele Biwo lokal èd legal ou a (your local legal aid office) pou èd.

Pwodwi pa Merrimack Valley North-Shore Legal Services, Inc.
Kreye Septanm 2013

Lalwa a

Lalwa leta Massachusetts ekzije si Afidavi Endijans lan parèt regilye e konplè, epi li endike ou elijib, Afidavi Endijans la dwe akòde.  Al gade  Lalwa Jenaral Chapit 261 seksyon27(C) (2) / General Law Chapter 261 section 27 (C) (2).

Enstriksyon Lakou Jidisyè Siprèm yo

Lakou Jidisyè Siprèm Massachussetts bay grefye tribinal yo enstriksyon ki di:

  • Si ou soumèt yon Afidavi Endijans nan Kategori A oubyen B a, epi ou konplete li kòrèkteman, grefye a pa ta dwe mande w plis enfòmasyon oubyen voye ou devan yon jij.
  • Si ou prezante yon Afidavi Endijans nan Kategori C a, grefye a kapab apwouve li.  Grefye a sèlman bezwen voye ou devan yon jij, si genyen yon kesyon serye sou elijibilite ou daprè nòm nan Kategori C a.
  • Grefye a pa dwe diw pou w konplete Sipleman pou fòm Afidavi a si ou tcheke Kategori A  oubyen Kategori B a. Ou sèlman genyen pou w konplete Sipleman an si w tcheke Kare C a.

Lakou Jidisyè Siprèm nan Massachussetts di tou ke grefye a dwe klase epi date dokiman tribinal ou yo lè ou soumèt yo ba li. Si grefye a genyen yon kesyon e ou bezwen wè yon jij pou apwouve afidavi a, grefye a dwe ankò soumèt papye w yo nan jou ou ba li yo a.  Enstriksyon  yo di, “yo dwe date e aksepte tout papye ou depoze lè ou premye prezante yo, epi yo dwe trete yo san delè.”  “Yo pa dwe rejte okenn papye depozan an paske li ponkò jwenn retrè frè depo yo.”

Al gade memo Lakou Jidisyè Siprèm lan avèk Enstriksyon pouTribinal yo (Instructions to Courts).

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).