Ou pa kapab itilize Afidavi Endijans lan oubyen yon Afidavi Endijans prizonye a si wap asiyen yon eta a oubyen komin nan a pwosè pou fè lage ou nan prison oubyen nan detansyon.
Men si wap asiyen yon ajans leta oubyen komin nan, oswa yon ofisyèl oubyen yon aplawye pou yon bagay ki te pase nan detansyon an oubyen nan prizon an eke ou pa gen mwayen pou w peye depans yo anrapò avèk ka w la, wap bezwen fòm pou prizonye a. Itilize Afidavi Endijans pou prizonye a pou w mande tribinal la pou retire frè ak depans nòmal yo.
Si wap mande tribinal la pou peye "frè ak depans siplemantè”, ou kap itilize Afidavi Endijans pou nonprizonye.
Anvan jij la apwouve demand ou a , lap òdone sant detansyon an oubyen prizon an pou pwokire li yon kopi kont kantin ou pou sis dènye mwa yo.
Men ou kapab mande tribinal pou òdone pèman depans pou sèvis sitasyon an avèk plent la anatandan, pou ka w la kapab kòmanse.