Lalwa a
Lalwa leta Massachusetts ekzije si Afidavi Endijans lan parèt regilye e konplè, epi li endike ou elijib, Afidavi Endijans la dwe akòde. Al gade Lalwa Jenaral Chapit 261 seksyon27(C) (2) / General Law Chapter 261 section 27 (C) (2).
Enstriksyon Lakou Jidisyè Siprèm yo
Lakou Jidisyè Siprèm Massachussetts bay grefye tribinal yo enstriksyon ki di:
- Si ou soumèt yon Afidavi Endijans nan Kategori A oubyen B a, epi ou konplete li kòrèkteman, grefye a pa ta dwe mande w plis enfòmasyon oubyen voye ou devan yon jij.
- Si ou prezante yon Afidavi Endijans nan Kategori C a, grefye a kapab apwouve li. Grefye a sèlman bezwen voye ou devan yon jij, si genyen yon kesyon serye sou elijibilite ou daprè nòm nan Kategori C a.
- Grefye a pa dwe diw pou w konplete Sipleman pou fòm Afidavi a si ou tcheke Kategori A oubyen Kategori B a. Ou sèlman genyen pou w konplete Sipleman an si w tcheke Kare C a.
Lakou Jidisyè Siprèm nan Massachussetts di tou ke grefye a dwe klase epi date dokiman tribinal ou yo lè ou soumèt yo ba li. Si grefye a genyen yon kesyon e ou bezwen wè yon jij pou apwouve afidavi a, grefye a dwe ankò soumèt papye w yo nan jou ou ba li yo a. Enstriksyon yo di, “yo dwe date e aksepte tout papye ou depoze lè ou premye prezante yo, epi yo dwe trete yo san delè.” “Yo pa dwe rejte okenn papye depozan an paske li ponkò jwenn retrè frè depo yo.”
Al gade memo Lakou Jidisyè Siprèm lan avèk Enstriksyon pouTribinal yo (Instructions to Courts).