You are here

Eske Afidavi Endijans mwen an ap rete konfidansyèl?

Pwodwi pa Merrimack Valley North-Shore Legal Services, Inc.
Revize September 2013

Jeneralman piblik la pa kapab wè Afidavi Endijans ou a ak frè tribinal la retire pou ou yo. Pa genyen okenn lòt moun nan ka a ki kapab wè papye sa yo nonpli.

Sèl moun apa ou menm ak avoka a ki kapab wè Afidavi Endijans ou a se moun ki dwe touche yo, tankou:

  • Pèsonèl tribinal ki otorize,
  • Cherif oswa asistan cherif ki delivre notis la, oubyen
  • Depatman fakti jounal la si ou bezwen pibliye notis ou a.

Si ou bezwen okenn lòt moun wè oubyen jwenn kopi dokiman sa yo, ou ta dwe bay tribinal la ak moun nan pèmisyon w alekri.

Si yon lòt pati nan ka a ta vle wè dosye w la, yo sipoze genyen yon lòd tribinal la pou ba yo pèmisyon an.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).