Kijan pou mwen aplike?

Pwodwi pa Merrimack Valley North-Shore Legal Services, Inc.
Kreye Septanm 2013

Genyen yon fòm nan tribinal la pou mande pou retire frè ou yo pou ou. Tout tribinal eta yo nan Massachussetts la genyen fòm sa a. Fòm sa a se yon Afidavi Endijans. Pou w aplike:

  1. Jwenn yon Afidavi Endijans nan nenpòt tribinal eta a oubyen anliy.
  2. Ranpli fòm nan epi chwazi 1 nan 3 Kategori yo ki montre tribinal la poukisa revni w twò ba pou peye frè tribinal ou yo.
  3. Ekri ladanl tout frè ak chaj yo ou bezwen tribinal la retire oubyen peye pou ou yo. Enkli ladanl tout frè ou kab panse ki kap prezante pandan ka w la.

    Ekzanp

    Si ou depoze plènt epi ou bezwen yo pase frè tribinal yo pou ou, rantre lis frè yo nan Afidavi Endijans lan.  Si ou bezwen yon cherif delivre li bay lòt pati a tou oubyen ou bezwen pibliye yon notis nan jounal, se pou w ekri frè sa yo nan fòm nan. Si ou pa konnen konbyen frè sa yo ap monte, fè yon estimasyon.

    Si ou bezwen pou yo pase yon pèman oswa lòt frè tribinal pou plita, tankou frè sitasyon pou odyans temwen, o pou pran depozisyon temwen, dèlò wap soumèt yon lòt Afidavi Endijans.

  4. Itilize fòm nan pou di tribinal la si ou bezwen yon entèprèt. Ekri lang ou bezwen an epi di grefye a sa.
  5. Lè ou siyen Afidavi Endijans lan, ou sèmante ke tout bagay ou mete nan fòm nan se laverite, nan mezi ke ou konnen.
  6. Soumèt Afidavi Endijans bay grefye a nan tribinal. 

2. Chwazi 1 nan 3 Kategori yo

Kategori (A)

Wap pran yonn nan sa anba yo:

  • Èd Tanporè Massachusetts pou Fanmiy ak Timoun Depandan/Massachusetts Transitional Aid to Families with Dependent Childreen (TAFDC),
  • Èd Ijan pou Granmoun, moun Andikape ak Timoun Massachusetts/ Massachusetts Emergency Aid to Elderly, Disabled & Children (EAEDC),
  • Revni Sekiritè Siplemantè Federal / Federal Supplemental Security Income (SSI),
  • Asirans Sante Massachusetts/ MassHealth, oubyen
  • Benefis pou Veteran Massachusetts/ Massachussetts Veeterans Benefits.

Si ou chwazi Kategori A,Tribinal la dwe pase frè yo pou ou.

Kategori (B)

Si, aprè taks, revni w se 125% Barèm Povrete Federal la (Federal Poverty Guidelines), oubyen mwens, tribinal la dwe pase frè yo pou ou.

Tribinal la dwe genyen yon tablo pou Barèm Povrete Federal ki ajou la afiche sou mi an. Si ou pa kapab jwenn li, mande grefye a yon kopi. Ou kapab tou jwenn tablo a anliy.

Revni w la gen ladanl tout revni nan kay la ou kapab itilize.

Gouvènman Federal la revize Barèm Povrete a chak ane.

Kategori (C)

Chwazi Kategori C si revni ou twò wo pou Kategori B, epi peye depans tribinal yo ta vle di ou menm ak moun ki depann sou ou ap oblije rete “san bezwen bazik pou yo viv yo,” tankou manje, kay, ak rad.

Si ou pran Kategori (C) a, ou dwe konplete fòm siplemantè pou Afidavi Endijans lan tou. Ou kapab jwenn sipleman an nan tribinal la oubyen anliy.

3. Endike frè ak depans yo ou bezwen tribinal la retire oubyen peye yo

Nan seksyon ll ak nan seksyon lll a, mete depans yo ou bezwen tribinal la kouvri oubyen peye pou yo. Preske tout ka tribinal genyen frè ak depans tankou:

  • Frè pou depoze plènt ak sichaj: Ou kab jwenn frè pou depoze plènt pou ka tribinal patikilkye nan tribinal anliy (online)
  • Depans pou cherif delivre plènt ou a, oubyen
  • Depans pou pibliye notis la nan jounal.
  • Nan anpil ka konsènan lwa pou fanmiy tribinal la ekzije yon klas pou edikasyon paran ki koute lajan. 

Si ou pa konnen valè a pou yon bagay ou bezwen pou ka w la, endike sèvis ou bezwen an epi estime depans lan. Ou kapab mande grefye a nan tribinal la tou.

Remak

Tribinal la pa kapab peye avoka w la.

Si ou chwazi Kategori A oubyen Kategori B a epi ou pa ranpli tout enfòmasyon yo sou depans yo, tribinal la ta ankò dwe apwouve aplikasyon ou lan.

Si ou bezwen tribinal la pase lòt depans tribinal plita nan ka w la, tankou frè sitasyon pou odyans oubyen depozisyon temwen, wap bezwen ranpli yon lòt Afidavi  Endijans nan ka sa a.

Pou plis enfòmasyon al gade Kisa ki kouvri?

4. Si ou bezwen yon entèprèt

Itilize Afidavi Endijans lan pou di tribinal la ou bezwen yon entèprèt ak lang ou bezwen entèprèt la pale a. Ou gen dwa pou w genyen yon entèprèt nan tribinal.

5. Siyen  

Sonje: siyati w la vle di ke ou sèmante ak tout konesans ou tout bagay ou mete nan fòm nan se laverite.

6. Soumèt

Soumèt Afidavi Endijans bay grefye a nan tribinal la kote wap depoze plènt ou a. 

E kisa si grefye a nan tribinal la pa apwouve li touswit?

Grefye a pa dwe mande ou pou plis enfòmasyon tankou souch chèk oubyen kat wèlfè ou.  Si ou te tcheke kare bò Kategori A a oswa Kategori B a, epi ou te ranpli fòm nan kòrèkteman , grefye a dwe apwouve Afidavi Endijans ou a toutswit. 

Si wap mande tribinal la pou retire oubyen peye frè siplemantè nan ka sa a ou kapab genyen pou wè yon jij.   

Si grefye a pa apwouve fòm nan toutswit, al gade E si grefye a pa apwouve Deklarasyon Endijans ou a tousuit

Wap kapab jwenn enstriksyon ofisyèl tribinal yo pou Afidavi Endijans lan nan sitwèb tribinal la.

Enstriksyon ak fòm sa yo baze sou dokiman Lakou Siprèm Jidisyè Masachusetts emèt nan 5 Mas 2003. Tout Tribinal nan Massachussetts itilize Afidavi Endijans lan.

E kisa si grefye a pa apwouve Afidavi Endijans lan ditou? / What if the clerk does not approve my Affidavit of Indigency at all?

Si grefye a pa apwouve Afidavi Endijans ou a, li dwe voye li devan jij la pou deside sou li. 

Jij la kapab:

  • Apwouve Afidavi Endijans ou a,
  • Pase lòd pou w peye yon pati nan frè yo,
  • Pase lòd pou peye tout frè yo.

 Si ou pa dakò avèk jij la, ou kapab fè apèl nan nivo tribinal ki pi wo a.

Dat limit sa yo kout, kidonk ou dwe aji vit. Al tcheke nan biwo grefye a pou enfòmasyon sou kijan pou w fè sa.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).