You are here

E si mwen pa gen mwayen poum peye frè pou m al nan tribinal?

Pwodwi pa Merrimack Valley North-Shore Legal Services, Inc.
Revize Septanm 2013

Si ou bezwen ale nan tribinal, eke ou pa gen mwayen pouw peye frè ak chaj yo, ou kapab pa gen pouw peye yo. Tribinal la kapab “pase” frè yo, oubyen mande leta pou peye frè tribinal nòmal yo.

Tribinal la kapab pase yo tou oubyen mande leta  pou peye frè “deplis” yo.

Ou dwe ranpli yon fòm ki rele Afidavi Endijans.  Fòm sa a ap di tribinal la ou pa gen mwayen pou w peye frè yo konsènan ka w la .

Si grefye a oubyen Jij la apwouve fòm lan ou pap gen pou w peye.

Ou kap jwenn Afidavi Endijans lan nan nenpòt tribinal oubyen anliy.

Chèchè konnen kijan pou ou mande tribinal la pou pase frè sa yo pou ou.

Tribinal federal yo pa itilize fòm sa a, paske yo genyen règleman ki diferan.

Remak

Tribinal la pap peye avoka w la. Gade nan  Jwenn  ÈD Legal pou jwenn èd legal aba pri oswa gratis.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).