Sitasyon

Kreye October 2009

Ou kapab itilize yon adjwen cherif (deputy sheriff) oswa (constable) pou sèvi asiyasyon an. Ou pa bezwen avoka oswa otorite ofisyel pou sèvi yon asiyasyon. Ou kapab mande yon zanmi pou l fè sa. Lè ou itilize yon adjwen cherif oswa yon ajan polis sa kapab ede w pou rasire ou sa ap fèt nan anrèg, epwi pwosesis la ap pli fasil. Men lap koute w lajan. Si ou genyen yon zanmi kap sèvi asiyasyon an, li dwe sèvi li kòrèkteman pou w kapab sir temwen an ap konparèt nan tribunal.

Men etap yo:

  1. Jwenn yon fòm pou asiyasyon (subpoena form). MassLegalHelp genyen fòm asiyasyon vyèj ou kapab desann e ranpli li nan entènèt la e konplete oswa enprime li e ranpli li alamen. Ou kapab jwenn fòm asiyasyon nan biwo grefye a nan tribunal la.
  2. Gade echantiyon fòm asiyasyon an (sample subpoena form) pou wè kòman pou ranpli li.
  3. Detèmine konbyen “frè temwen” (“witness fee”) an ap koute nan ka w la. Nan Massachusetts frè temwen an se $6.00 pou chak jou temwen an vin nan tribunal plis frè voyaj, 10 santim pa mil ale retou sot lakay temwen an al nan tribunal la. Si temwen an gen yon biznis o travay nan vil la kote tribunal la ye a, yo mezire 10 santim pa mil apati kote temwen an travay la. Yo dwe peye honorè temwen an avèk frè voyaj pou yon jou nan tribinal alavans. Ou kapab estime mileyaj la. (plis sou sa nan etap 11)
    • Ou kapab pa bezwen pou moun wap sèvi asiyasyon vin nan tribunal. Si sa ou bezwen reyèlman an se dokiman salè li, ou kapab mande moun nan pou voye yon “kopi konfòm e konplè” (“certified true and complete copy”) pito. Lè ou sèvi sitasyon an ou attache yon lèt avèk li pou di moun nan kòman pou l voye dokiman olye li vin nan tribunal. Genyen bagay moun nan genyen pou l fè sil vle voye dokiman yo olye li vini nan tribunal. Gade yon echantiyon lèt (sample letter).
  4. Chèche adrès moun nan ou vle asiyen an. Si ou bezwen dokiman salè li, chèche kote lòt paran an travay nan liv telefòn nan. Rele yo, pran adrès la, e chèche konnen kilès ki anchaj dokiman pewòl yo (yo rele yo achivis)
  5. Itilize non an ak adrès la, ranpli yon fòm asiyasyon (subpoena form). Lè ou ranpli fòm nan, enkli:
    1. ki rekèt wap fè,
    2. moun wap adrese nan rekèt la,
    3. tribunal moun nan genyen pou l ale a,
    4. kilè moun nan geyen pou li la, epwi
    5. non ka w la (Non ou kont Lòt paran an). Gade echantiyon asiyasyon (sample subpoena)
  6. Asiyasyon an dwe notarye. Pote asiyasyon ou ranpli a bay yon notè. Dòdinè genyen yon notè nan Lameri oswa bank local ou a. Notè a dwe notarye asiyasyon an avèk so li gratis oswa pou kèlke grenn dola.
  7. Fè de fotokopi fòm asiyasyon notarye avèk afidavi sèvis (affidavit of service) la ki atache avèk asiyasyon an.
  8. Ou kapab mande yon zanmi w sèvi asiyasyon an; men zanmi an dwe:
    1. Genyen pliske dizwi tan,epwi
    2. Li pa temwen nan ka w la, epwi
    3. Li pa fanmiy moun wap sèvi a
  9. Bay zanmi w nan “ frè temwen an” ("witness fee"), pou bay temwen an. Ekri montan an nan do touletwa kopi afidavi sèvis affidavit of service . Zanmi w nan kapab pote kopi asiyasyon yo nan travay lòt paran. Zanmi w an dwe ranpli (touletwa kopi afidavi) a affidavit of service (deklarasyon an ki attaché ak asiyasyon an ki di li bay tenmwen an asiyasyon an).
  10. Zanmi w nan kapab bay temwen an asiyasyon an (moun ki anchaj pewòl la) oswa recepsyonis la oswa pwopriyetè bisnis la. Lè zanmi w nan sèvi asiyasyon an li bezwen:
    1. di moun lap sèvi a lap ba li yon asiyasyon;
    2. bay moun lap sèvi a fòm asiyasyon notarye original la;
    3. bay moun lap sèvi a yonn nan kopi afidavi sèvis la zanmi li a ranpli a an menm tan lap di li sèvi li asiyasyon an; epwi
    4. bay moun lap sèvi a frè temwen an.
  11. Pote dezyèm kopi asiyasyon ak afidavi sèvis original la avèk ou lè ou ale nan tribunal. Ou kapab bezwen montre temwen te asiyen kòrèkteman.

Sa koute lajan pou sèvi yon asiyasyon. Depans yo genyen ladan yo frè temwen, frè sèvis si ou itilize yon adjwen cherif oswa yon ajan polis. Si ou pa kapab fè depans yo, ou kapab mande leta pou peye sèvis yo avèk frè temwen yo.

Pwodwi pa Jeff
Revize May 27, 2008

Kisa yon sitasyon ye?

Yon sitasyon (subpoena) se yon notis ofisyel ki ekzije yon moun vini nan tribunal pou temwaye avèk pou sèvi temwen. Sitasyon an kapab ekzije moun nan pou li pote sèten dokiman tou.  Pa ekzanp, nan yon ka pou obligasyon alimantè ou kapab vle itilize dokiman bankè pati opoze a pou w pouve li genyen mwayen pou li kontribye nan depans pou sipòte pitit ou a.  Si ou pa kapab jwenn kopi dokiman sa yo ou menm, ou kapab chwazi pou ou voye yon sitasyon pou dokiman bankè yo.  Bank dèlò ap oblije vini nan tribunal la avèk dokiman ou te mande yo.  

Kòman yon sitasyon kapab ede mwen?

Pafwa ou bezwen temwayaj yon moun ki pap vini volontèman nan trbinal la.  Dèfwa dokiman ou pa genyen aksè a yo menm nan kapab ranfòse ka w la.  Lè w sèvi yon manda sa kapab founi ou evidans ou bezwen an pou w prezante yon ka solid nan tribinal la.

Kòman mwen sèvi yon sitasyon?

Revize September, 2008

E si m pa gen mwayen pou m sèvi yon manda?

Li koute lajan pou sèvi yon manda. Nan depans yo genyen frè temwen, avèk yon frè sèvis si ou itilize yon cherif oswa yon ajan polis. Si ou pa anmwen pou fè depans yo, ou kapab mande eta a pou peye sevis avèk frè temwen yo. Wap bezwen ranpli yon fòm yo rele“Afidavi Endijans” (“Affidavit of Indigency”) e posibman yon lòt fòm yo rele “Sipleman Afidavi Indijans” (“Supplement Afidavit of Indigency”). Ou itilize fòm sa yo pou montre revni w ba eke ou elijib pou eta a peye sèvi sitasyon an pou ou. Nan fòm Afidavi Endijans la, nan seksyon 2, tcheke kare ki desiye pou sèvi yon sitasyon an e ekri montan an. Raple w si ou fè yon zanmi w sèvi sitasyon an, ou pa genyen pou w peye frè sèvis.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).