You are here

Tan Paran avèk Vizit

Pwodwi pa AvoKa Jeff Wolf pour MassLegalHelp
Kreye Out 2015

Seksyon Tan Paran an avèk Vizit la adrese tan timoun ou yo pase avèk paran yo pa abite avèk yo. Nou genyen yon atik tou sou dwa granparan (grandparents' rights) pou pase tan avèk granpitit yo.

Tribinal Fanmiy avèk Siksesyon (Probate and Family Court) te konn rele tan timoun pase avèk paran yo pa abite avèk yo "vizit." An Jiyè 2015, tribunal la chanje langaj yo itilize nan fòm yo pou yo di  "tan paran (parenting time)." Tribinal la di “tan paran (parenting time)” se tan timoun yo pase avèk paran yo abite avèk yo.

Dòdinè Tribinal la pase lòd pou "tan paran (parenting time)" lè timoun yo rete laplipa ditan avèk yonn nan paran yo.

Si oumenm avèk lòt paran an pa kapab dakò sou tan paran oswa visit, ou kapab ale nan tribinal.  Jij la ap deside sou sa. Seksyon sa genyen enfòmasyon sou jan jij yo pran desizyon sa yo.

Enpòtan

Vyolans Domestik (Domestic Violence)

Tribinal la pa chanje mo “vizit ” la nan ka lòd pou restriksyon 209A yo. Tribinal Fanmiy avèk Siksesyon (Probate & Family Courts) yo kapab pase lòd pou vizit (visitation orders) nan ka sa yo, men se sèlman si pleyan an mande yonn.

Tribinal la pa chanje mo "vizit sipèvize" yo. Tribinal yo ankò rele vizit sipèvize "vizit." Nan kote ki genyen vyolans domestik, tribunal la kapab pase lòd pou yon paran abizè genyen vizit sipèvizee (supervised visitation).

Granparan (Grandparents)

Pafwa granparan (grandparents) genyen dwa pou vizit. Tribinal la ankò rele vizit granparan "vizit."

 

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).