Kèkfwa granparan yo gen dwa pou vizite pititpitit yo.
Men, yo gen dwa sa a sèlman si yo gen yon òdonans tribinal la.
Si granparan yo ak paran yo dakò pou vizit la, yo pa bezwen al nan tribinal.
Si yo pa ka antann yo, nan sèten sitiyasyon, granparan yo ka an mezi pou yo jwenn yon òdonans tribinal ki di yo ka vizite timoun nan.
Nan Massachusetts, granparan yo gen dwa pou mande yon tribinal pou yo ka vizite si :
- paran yo te marye epi yo divòse ;
- paran yo toujou marye, men yo separe epi gen yon òdonans tribinal la sou separasyon an ; oswa
- youn oswa toude paran yo mouri ; oswa
- paran yo pa t janm marye, men yo separe epi
- papa a te siyen yon « Voluntary Acknowledgment of Parentage (Rekonesans Patènite Volontè) » oswa
- gen yon jijman tribinal ki di se limenm ki papa a ;oswa
Granparan yo bò kot manman a se granparan matènèl. Yo ka mande pou dwa vizit si :
- paran yo pa t janm marye,
- yo separe, epi
- papa a pa t siyen yon « Voluntary Acknowledgment of Parentage (Rekonesans Patènite Volontè) »oswa pa gen yon jijman tribinal ki di se limenm ki papa a.
- pa t gen yon jijman tribinal ki di se limenm ki papa a,
Tribinal la ka bay granparan kèk dwa vizit si yo montre nan odyans la :
- li nan meyè enterè pititpitit yo a ; epi
- yo te gen yon relasyon enpòtan ak pititpitit yo a anvan ka sou dwa vizit la te kòmanse ; epi
- li pa t ap bon ditou ditou pou sante, sekirite oswa byennèt pititpitit yo a si pititpitit yo pa ka wè yo.
Menmsi granparan yon pa t gen yon relasyon enpòtan ak timoun nan anvan ka a te kòmanse, tribinal la ka toujou ba yo dwa vizit la. Tribinal la ka bay dwa vizit la si granparan yo ka pwouve vizit la toujou nesesè pou pwoteje timoun nan kont « gwo domaj. »
Gen yon court form petition (fòm pou petisyon nan tribinal la) granparan yo ka depoze nan tribinal la pou mande dwa pou vizite pititpitit yo a.
Tribinal Siksesyon ak Familyal la gen instructions (enstriksyon ) sou jan pou ranpli fòm nan.
Nan enstriksyon yo tribinal la ap mande granparan yo ki bezwen dwa vizit yo pou yo mete yon deklarasyon sou sèman avèk petisyon yo a. Yon deklarasyon sou sèman se yon deklarasyon w ap siyen. Pa gen « fòm » deklarasyon sou sèman. Lè siyen deklarasyon an, ou sèmante sa w ekri nan deklarasyon an se laverite. Enstriksyon yo di deklarasyon sou sèman an dwe dekri :
- entèraksyon ak kolaborasyon ant granparan an (yo) ak pititpitit li a (yo)
- poukisa yo te diminye oswa sispann kontak granparan an (yo) ak pititpitit li a (yo)
- nivo kontak yo gen kounye a, si genyen
- gwo domaj sou sante, sekirite oswa byennèt timoun nan (yo) ki gen chans pou yo rive si yo pa òdone dwa vizit la