« Temwen » w yo dwe se moun ki ka temwaye konsènan relasyon w ak pitit ou a ak kijan ou sousye w pou pitit ou a. Yo ka dekri kijan ou satisfè bezwen pitit ou a.
Yo konnen ni oumenm ni pitit ou a. Lè y ap « temwaye » nan tribinal la, y ap pale osijè bagay yo konnen konsènan w ak pitit ou a. Epi y ap reponn kesyon yo. Lè y ap temwaye, y ap sèmante sa y ap di yo se laverite.
Men kèk nan moun ou ka mande pou vin kòm temwen :
- Mèt yo,
- Moun k ap travay nan gadri timoun yo,
- Terapet yo,
- Doktè, enfimyè, asistan medikal,
- Travayè sosyal,
- Polis,
- Manb fanmi,
- Vwazen, vwazin ak zanmi yo.
Temwen yo ka temwaye sou kijan ou bay pitit ou a :
- yon kote ki gen sekirite e ki konfòtab pou l rete
- swen medikal
- manje ak rad ki apwopriye
- sipèvizyon li bezwen
- èd pou satisfè bezwen edikatif li
- swen kotidyen
- sipò emosyonèl
Si lòt paran te fè pitit ou a ditò oswa l te mete pitit a nan yon sitiyasyon riske epi yon temwen konn sa, li ka temwaye konsènan :
- lòt paran an maltrete w oswa pitit ou a.
- lòt paran an nan paran an nan dwòg oswa bwè anpil alkòl.
- lòt paran an ekspoze pitit ou a ak vyolans domestik.
- efè sa genyen lè lòt paran an ekspoze pitit ou a ak vyolans domestik.
Pale ak temwen pwobab yo pou w wè si yo gen evidans ki montre ou dwe gen titèl la.
- Mande yo pou y al nan tribinal la avè w pou y al temwaye.
- Si yo pa vle al nan tribinal la, ou ka voye ba yo yon « sitasyon. » Si w voye yon sitasyon ba yo, yo oblije al nan tribinal la.
Enpòtan
Ou bezwen konnen kisa temwen w yo pral di lè y ap temwaye a. Pale avè yo subpoenas (anvan) w voye sitasyon an ba yo.
Li konsènan subpoenas. (sitasyon)
Al gade How do I testify it is in my child’s best interest for me to have custody? (Kijan pou m temwaye li nan meyè enterè pitit mwen an pou se mwen ki gen titèl li?)