Lè w ap « temwaye » nan tribinal, w ap pale osijè pwòp eksperyans ou yo epi w ap reponn kesyon yo. Lè w ap temwaye, w ap sèmante sa w ap di a se laverite.
W ap temwaye devan jij osijè poukisa ou dwe gen titèl la. Dekri kijan ou satisfè bezwen pitit ou a tankou lè w bay pitit ou a :
- yon kote ki gen sekirite e ki konfòtab pou l rete
- swen medikal
- manje ak rad ki apwopriye
- sipèvizyon li bezwen
- èd pou satisfè bezwen edikatif li
- swen kotidyen
- sipò emosyonèl
Si lòt paran an te fè pitit ou ditò nan nenpòt fason oswa l te mete pitit ou a nan yon sitiyason riske, asire w ou ka bay jij la ekzanp espesifik lè lòt paran an :
- te maltrete w oswa pitit ou a,
- te pran dwòg oswa te bwè anpil alkòl,
- te ekspoze pitit ou a ak vyolans domestik.
Rasanble tout dosye ak dokiman ki montre se oumenm ki dwe gen titèl la epi vin avèk yo nan tribinal la.