You are here

What documents and records should I submit to show it is in my child's best interest for me to have custody?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Fevriye 2022

Ou ka an mezi pou bay jij la dosye oswa dokiman yo ki montre se oumenm ki dwe gen titèl la. Dosye sa yo ka :

 

  • Dosye medikal,
  • Dosye terapet oswa travayè sosyal,
  • Dosye lapolis yo,
  • Dosye lekòl yo,
  • Dosye gadri pitit ou a,
  • Dosye sant vizit sipèvize a oswa
  • Dosye Depatman Timoun ak Fanmi yo.

Sa yo se ekzanp dosye lòt moun ak òganizasyon genyen. Si w vle jij la wè dosye sa yo, ou ka bezwen voye sitasyon bay moun nan oswa òganizasyon an. Nan sitasyon an, di yo ekzateman ki dosye yo dwe pote nan tribinal la.

Enpòtan

Se pou w konnen kisa ki nan dosye yo anvan voye sitasyon pou yo mennen yo nan tribinal la.

  • Li konsènan subpoenas (sitasyon)
  • Gade sample subpoena (echantiyon sitasyon) nou an ki di kote ki gen dosye ou voye sitasyon pou li a ak ki dosye yo dwe vin nan tribinal la.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).