Jij la ka deziye yon « Guardian ad Litem » (GAL) ki se yon anketè oswa yon kontwolè jidisyè (ofisye sèvis familyal) pou fè rechèch sou ka w la.
GAL yo se travayè sosyal, avoka oswa lòt moun yo apwouve pou fè rechèch sou ka sa yo. Kontwolè Jidisyè yo se anplwaye tribinal la ki fè rechèch sou ka sa yo lè jij la mande yo pou yo fè l.
GAL yo ak Kontwolè Jidisyè yo pa dwe gentan deside nan lespri yo kiyès ki dwe gen titèl la anvan yo kòmanse travay sou ka w la.
Lè GAL yo ak Kontwolè Jidisyè yo fin fè envestigasyon an, yo dwe fè yon rapò alekri pou jij la. Rapò a ap gen verite yon jwenn yo nan envestigasyon yo a. Yo ka rekòmande tou kiyès ki dwe gen titèl la. Ou ka mande pou yo vin temwaye an pèsòn.
Si jij la anplwaye yon GAL oswa Kontwolè Jidisyè, kowopere avè yo. Ba yo non ak enfòmasyon pou kontakte moun yo mande w yo. Epitou, ba yo non ak enfòmasyon pou kontakte moun ki panse ba w titèl la ap nan meyè enterè pitit ou a.
Ou ka mande jij la pou l anplwaye yon GAL oswa Kontwolè Jidisyè pou ede l deside ki paran ki dwe gen titèl la. Aplike pou yon mosyon pou mande jij la pou anplwaye yon GAL oswa bay lòd pou Depatman Pwobasyon an fè envestigasyon an. Si lòt paran an mande pou l gen titèl la, ou ka reponn pou w mande jij la pou anplwaye yon GAL.
GAL la oswa Kontwolè Jidisyè a ap pale ak toude paran yo. Y ap pale tou ak lòt moun ki konnen pitit ou a tankou fanmi, mèt, terapet, moun k ap bay swen medikal ak gadri pitit ou a. Epi GAL la oswa Kontwolè Jidisyè a ka pale tou ak pitit ou a. Y ap bay jij la yon rapò alekri. Si gen yon jijman, yo dwe temwaye.
Ou ka pa dakò ak GAL la oswa Kontwolè Jidisyè a. Yo ka panse lòt paran an dwe gen titèl la. Anvan w mande pou yon GAL oswa Kontwolè Jidisyè pou fè envestigasyon ka w la epi voye yon rapò bay jij la, panse a ki pwen ou gen yon bon ka. Jij yo pa toujou dakò ak GAL la oswa Kontwolè Jidisyè a, men yo prete anpil atansyon a rapò yo a.
Konbyen yon GAL koute ?
Pa gen yon to fiks pou GAL yo. Kantite lajan pou envestigasyon ak evalyasyon GAL yo varye anpil. Anjeneral, kantite lajan an ka varye ant $3.000 a $20.000 ak pi plis pou ka ki pi konplike yo.
Kiyès k ap peye pou GAL la ?
Tribinal la ap deside kiyès ki dwe peye pou GAL la. Kèkfwa paran yo pataje kantite lajan y ap peye a. Kèk lòt fwa se yon sèl paran ki peye GAL la. Ou ka fè yon Affidavit of Indigency (Deklarasyon endijans sou sèman) pou mande tribinal la pou bay eta a lòd pou peye frè yo si okenn nan paran yo pa an mezi pou peye.