Lè w aplike pou yon mosyon pou titèl, ou dwe mete avè l yon « deklarasyon sou sèman. »
Yon deklarasyon sou sèman se yon deklarasyon ki siyen. W ap ekri nan deklarasyon sou sèman w lan sa w te wè ak sa w te tande. Bay ekzanp. Lè siyen l, ou sèmante tout sa ki nan deklarasyon sou sèman w la se verite dapre tout sa w konnen.
Deklarasyon sou sèman w lan se youn nan mwayen pou w montre jij poukisa ou dwe gen titèl la. Dekri kijan ou satisfè bezwen pitit ou a tankou lè bay pitit ou a :
- yon kote ki gen sekirite e ki konfòtab pou l rete,
- swen medikal,
- manje ak rad ki apwopriye,
- sipèvizyon li bezwen,
- ede satisfè bezwen edikatif li,
- swen kotidyen ak
- sipò emosyonèl.
Si lòt paran an te fè pitit ou ditò nan nenpòt fason oswa l te mete pitit ou a nan risk, asire w ou ka bay jij la ekzanp espesifik lè lòt paran an :
- te maltrete w oswa pitit ou a,
- te pran dwòg oswa te bwè anpil alkòl,
- te ekspoze pitit ou a ak vyolans domestik.
Ou ka itilize deklarasyon sou sèman plis pase yon moun.
Nan odyans pou yon mosyon, dabitid jij la p ap tande okenn temwen, konsa l ap itil pou vin ak deklarasyon sou sèman plizyè lòt moun pou montre jij la poukisa ou dwe gen titèl la.
Remake
Di moun yo ki ap fè deklarasyon sou sèman yo, yo ka gen tou pou yo vin temwaye nan tribinal la.
- Al gade yon sample affidavit supporting a motion for temporary custody. (echantiyon deklarasyon sou sèman pou sipòte yon mosyon pou titèl tanporè)
- Pran yon blank affidavit form. (fòm deklarasyon sou sèman vid)
- Aplike pou yon mosyon pou titèl si w bezwen yon òdonans pou titèl imedyatman. Al gade nan What can I do if I need a custody order right away? (Kisa m ka fè si m bezwen yon òdonans pou titèl imedyatman?)