You are here

Want to share what you like about MassLegalHelp with us?

 

Who has custody?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize Fevriye 2022

Si w gen yon òdonans tribinal konsènan titèl la, òdonans la ap di kilès ki gen titèl legal ak fizik la.

Si w pa gen yon òdonans tribinal, titèl la ap depann si w marye ak lòt paran an.

Si w marye

Si w marye epi w pa t al nan tribinal konsènan titèl, w ap pataje physical (titèl fizik) ak legal (avèk mari) madanm ou.

Nou toude gen dwa pou nou viv ak pitit nou an epi pran desizyon konsènan lavi pitit nou an.

Ou ka bezwen al fè yon demand pou titèl si lòt paran an :

  • anpeche pou pitit ou a viv avè w oswa

  • pa kite w patisipe nan pran gwo desizyon konsènan lavi pitit ou a.

Oumenm oswa mari / madanm ou ka bezwen mande tribinal la pou l bay yon òdonans sou titèl legal oswa fizik.

Si oumenm oswa mari / madanm ou al mande pou titèl nan tribinal, nou toude ap toujou genyen titèl legal pataje jiskaske tribinal bay yon òdonans.

Si w pa marye

Si w pa marye, maman an gen physical (titèl fizik) ak legal custody pitit ou a, menm si pa gen yon òdonans tribinal konsènan titèl la.

Yon manman ka bezwen al chache yon òdonans tribinal ki di li gen titèl la si papa pitit li a :

  • eseye anpeche pou pitit li a viv avè l oswa

  • eseye anpeche l pran desizyon konsènan byennèt pitit yo a.

Pa ekzanp, yon manman ka bezwen montre polis la yon òdonans sou titèl si l bezwen èd li pou l pran pitit li a nan men papa l.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).