« Titèl fizik » se lè pitit ou ap viv avè w epi se oumenm ki rete nan kay la avè l.
« Titèl legal » se lè w gen dwa ak responsablite pou w pran gwo desizyon konsènan byennèt pitit ou a.
Paran yo gen diferan tip aranjman titèl :
- 1 paran ka gen titèl fizik pandan l ap pataje titèl legal la ak lòt paran an.
- 1 paran ka gen titèl legal pandan l ap pataje titèl fizik la ak lòt paran an.
- Paran yo ka pataje ni titèl fizik ni titèl legal.
Titèl legal
Titèl legal eksklizif
Titèl legal eksklizif vle di se yon sèl paran ki gen dwa ak responsablite pou l pran gwo desizyon konsènan byennèt pitit li a. Gwo desizyon yo se desizyon konsènan swen medikal, edikasyon, disiplin ak relijyon.
Titèl legal pataje
Titèl legal pataje vle di toude paran yo gen dwa ak responsablite pou yo pran gwo desizyon konsènan byennèt pitit yo a. Paran yo ap deside ansanm gwo desizyon yo konsènan swen medikal, edikasyon, disiplin ak relijyon ansanm.
Titèl fizik
Titèl fizik eksklizif
Titèl fizik eksklizif vle di se yon paran ki responsab pou l rete nan kay la ak pitit li a epi pou l pran swen l.
Lòt paran ap toujou genyen tan parantal. Tribinal la ka deside aranjman tan parantal l pa nan meyè enterè pitit ou a.
Titèl fizik pataje
Titèl fizik pataje vle di toude paran yo gen responsablite pou yo rete nan kay ak pitit yo a. Chak paran responsab pou yo pran swen pitit yo a. Titèl fizik pataje vle di pitit ou a ap gen kontak souvan ak kontinyèl ak toude paran yo.