You are here

I do not need a custody order right away

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Fevriye 2022

Ou ka al nan Probate and Family Court in the county where you live (Tribinal Siksesyon ak Familyal nan awondisman w rete a) oswa nan Tribinal Siksesyon ak Familyal nan awondisman kote lòt paran an rete a. W ap bezwen pou w ranpli yon fòm ki rele « complaint (plent). »

Fòm plent w ap ranpli a ap depann si ou marye ak lòt paran an.

Si w marye ak lòt paran an

Ou ka mande tribinal la pou yon òdonans pou titèl lè w depoze :

  • yon Complaint for Divorce (Plent pou divòs) si w vle divòse ak mari / madanm ou. Nan fòm plent la, gen yon bwat ou ka tcheke pou w mande pou w gen titèl pitit ou a.

    imaj yon plent pou mande divòs kote yo antoure seksyon pou w mande pou titèl la

  • yon Complaint for Divorce (Plent pou Sipò Separe) si w vle separe ak mari / madanm ou oswa w pa vle rete menm kote ak mari / madanm ou epi vle rete marye. Nan fòm plent la, gen yon bwat ou ka tcheke pou w mande pou w gen titèl pitit ou a.

    imaj yon plent pou sipò separe kote yo antoure seksyon pou w mande pou titèl la

Si w pa marye ak lòt paran an

Pitit ou a ap bezwen gen yon papa legal anvan pou tribinal la ka deside sou titèl la. Pitit ou a ap bezwen gen yon papa legal anvan pou tribinal la ka deside sou titèl la.

Plent pou Titèl - Sipò - Tan Parantal

Itilize fòm sa a pou mande tribinal la pou ba w titèl la si pitit ou a gen yon papa legal. Gen yon bwat ou ka tcheke nan fòm nan pou w mande pou w gen titèl pitit ou a.

Seksyon nan plent 209C a sou titèl - sipò - tan parantal ki mande pou titèl la

Depoze yon Plent pou Titèl - Sipò - Tan Parantal si :

Al gade Complaint for Custody-Support-Parenting Time – Filing a Case (Plent pou Titèl - Sipò - Tan Parantal - Depoze yon Plent)

Plent pou Eabli Patènite pou mande tribinal la pou titèl

Depoze yon plent pou Etabli Patènite pou mande tribinal la pou l detèmine kilès ki papa legal pitit ou a. An menm tan, ou ka tcheke bwat pou w mande pou w gen titèl pitit ou a. Premyeman, tribinal la ap deside kilès ki papa legal la. Apre sa, tribinal la ap deside sou titèl la.

Seksyon plent pou patènite a ki mande pou titèl la

Depoze Plent pou Etabli Patènite a si :

  1. non papa pa nan batistè pitit ou a ; ak
  2. pa t gen yon jijman tribinal ki di se limenm ki papa a.

Al gade Establishing Paternity in Court. (Etabli Patènite nan Tribinal)

Sonje

Si w se manman an epi si pa gen okenn òdonans tribinal sou titèl la, ou gen titèl legal ak fizik eksklizif.  Al gade Who has Custody? (Kilès ki gen Titèl la ?)

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).