Manman an gen titèl legal ak physical (fizik) eksklizif pitit li a si pa gen okenn òdonans tribinal sou titèl pitit li a.
Si w pa marye epi w bezwen yon òdonans pou titèI la, jij la dwe1 :
- prezève relasyon ant timoun nan ak moun ki t ap ba l swen regilye yo otan k posib ;
- pran an konsiderasyon ak kilès timoun nan t ap viv pandan 6 mwa anvan ka pou titèl la te kòmanse ;
- pran an konsiderasyon si paran an gen relasyon pèsonèl ak parantal ak timoun nan ; epi
- pran an konsiderasyon si paran an te pran responsablite parantal li nan meyè enterè timoun nan tankou ba l kote pou l rete, mennen l nan randevou medikal li yo epi mennen l al lekòl alè.
Jij la ka sèlman bay yon òdonans titèl pataje si paran yo
- gen yon akò sou titèl ; oswa
- yo reyisi pran responsablite paran yo ansanm tankou pran bon desizyon ansanm anvan yo te aplike pou titèl la.