Si w marye epi w al mande divòs, sipò separe oswa titèl, toude paran yo gen shared legal custody (titèl legal pataje) tanporè pitit yo a otomatikman.
Men tribinal la ka bay youn nan paran yo yon òdonans tanporè sole legal custody. (titèl legal eksklizif) Epi jij la dwe ekri poukisa yon titèl legal pataje tanporè pa nan meyè enterè pitit ou a.
Si jij la deside titèl legal pataje tanporè pa nan meyè enterè pitit ou a, jij la dwe konsidere tout lòt faktè enpòtan yo tankou si :
- nenpòt manb nan fanmi an se yon alkolik oswa nan dwòg,
- yon paran te abandone pitit ou a epi
- toude paran yo dakò epi yo ka kolabore ansanm pou pran swen pitit ou a.
Jij la ka konsidere tout lòt faktè enpòtan yo, se pa sèlman twa sa nou site yo.