You are here

How does the judge decide custody when there is domestic violence?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Fevriye 2022

Pwoteje timoun kont vyolans domestik se yon bagay ki nan meyè enterè yo. Si w gen yon Òdonans 209A pou Anpeche Move Tretman, jij la dwe konsidere l lè l ap deside sou titèl la. Ou pa oblije gen yon òdonans 209A pou jij la pran an konsiderasyon vyolans domestik. Ou ka di l sa lè w ap eksplike l ka w la.

Si m montre jij la gen vyolans domestik, kijan l ap deside sou titèl la ?

Si w montre jij gen vyolans domestik nan relasyon w ak lòt paran an, li dwe pran l an konsiderasyon. Timoun yo soufri lè yon paran ap maltrete yon lòt.

Si lòt paran an maltrete w anpil oswa plizyè fwa, jij la pa dwe ba l titèl legal oswa fizik.1

Si jij la deside pou l bay paran abizif la titèl la, jij la dwe gen yon bonjan rezon pou l fè sa. Epi jij la dwe eksplike rezon an alekri.

Enpòtan

Ou pa oblije gen yon Òdonans 209A pou Anpeche Move Tretman pou w pwouve jij la lòt paran an te maltrete w.

E si m gen yon Òdonans 209A pou Anpeche Move Tretman ?

Yon Òdonans 209A pou Anpeche Move Tretman poukont li pa vle di jij la ap ba w titèl eksklizif.

Men, yon òdonans 209A vle di lòt paran te maltrete w. Pwobabman, li p ap bon pou sekirite w pou w ap pran desizyon pou pitit ou a ak yon moun ki te maltrete w.

Epitou, yon moun ki abizif ka itilize yon titèl pataje kòm yon mwayen pou l kontwole w ak asele w olye l fè sa k nan meyè enterè pitit ou a. Pa ekzanp, lè pitit ou a al pase tan ak lòt paran an, paran sa a ka rann li enposib pou planifye oswa respekte orè tan parantal la.

Si w gen yon òdonans 209A ki di lòt paran an pa ka kontakte w, jij ap gen yon bon rezon pou l ba w sole legal custody. (titèl legal eksklizif) Lòt paran an p ap ka patisipe nan pran gwo desizyon konsènan pitit ou a si l pa gen dwa pou l kontakte w.

Si w gen yon òdonans 209A ki di lòt paran pa ka gen kontak ak pitit ou a, jij la gen yon bon rezon pou l ba w sole physical custody. (titèl fizik eksklizif) Yon òdonans 209A ki di lòt paran pa ka gen kontak ak pitit ou a vle di jij la te deside kontak la p ap bon pou sekirite pitit ou.

Si w marye ak lòt paran an epi ou gen yon òdonans 209A, jij la ka akòde sèlman yon titèl pataje si yo ekri poukisa yo panse yon titèl pataje ap mache.

Kidonk, si gen yon Òdonans 209A pou Anpeche Move Tretman kont mari / madanm ou, jij la ka fè w pataje titèl legal oswa fizik la si sèlman li eksplike alekri poukisa titèl pataje se yon bon desizyon.

Nòt final

1 « Lè yon tribinal siksesyon ak familyal jwenn anpil prèv gen yon abitid oswa ensidan grav nan bay move tretman te rive, sa dwe kreye yon prezonpsyon refitab li pa nan meyè enterè timoun nan pou yo mete l nan yon titèl eksklizif, titèl legal pataje oswa titèl fizik pataje ak yon paran abizif. » General Laws, Chapter 208, section 31A (Lwa Jeneral yo, Chapit 208, seksyon 31A)

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).