You are here

How does the judge decide which parent should have custody?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Revize Fevriye 2022

Jij yo dwe deside sou titèl apati « meyè enterè timoun nan. » Lwa sou « meyè enterè timoun nan » ekzije pou tribinal yo konsantre sou bezwen timoun nan e se pa sou bezwen paran yo. Lwa a ekzije tribinal yo pou yo bay paran an ki ka pi byen satisfè bezwen timoun nan titèl la1.

Jij yo ap gade sou plizyè bagay pou yo wè kisa ki nan meyè enterè timoun nan :

  • Èske pitit ou a ap gen yon kote k gen sekirite pou l rete ?
  • Èske y ap byen alimante ak abiye pitit ou a ?
  • Èske pitit ou a ap gen ase sipèvizyon ?
  • Èske pitit ou a ap jwenn ase sipò emosyonèl ?
  • Ki paran ki t ap pran swen pitit ou a ?
  • Èske youn nan paran abize pitit ou a ?
  • Èske youn nan paran yo nan dwòg oswa bwè anpil alkòl ?
  • Èske youn nan paran yo ekspoze pitit ou a ak vyolans domestik ?

Nòt final

1 Lwa a di lè y ap bay yon òdonans oswa yon jijman sou titèl timoun, si pa gen okenn move konpòtman, « yo dwe konsidere dwa paran yo egalego epi se kontantman ak byennèt timoun yo k ap detèmine kilès y ap bay titèl la. Lè y ap konsidere kontantman ak byennèt timoun nan, tribinal la dwe konsidere si kondisyon lavi prezan oswa pase timoun nan afekte negativman lasante fizik, mantal, moral oswa emosyonèl li. » General Laws, Chapter 208, section 31. (Lwa Jeneral yo, Chapit 208, seksyon 31)

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).