You are here

E si m bezwen chanje yon òdonans pou titèl ?

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Fevriye 2022

Si w bezwen chanje yon òdonans pou titèl, ou dwe montre jij la sitiyasyon fanmi w chanje anpil nan plizyè mwayen apre yo te fè òdonans la. Lalwa rele kalite chanjman sa a yon « chanjman enpòtan nan sikonstans yo. »

E si m bezwen chanje òdonans pou titèl la imedyatman ?

Si yon bagay rive ki mete sante oswa sekirite pitit ou a an danje apre tribinal la te bay yon òdonans pou titèl tanporè epi w bezwen chanje òdonans la imedyatman, ou ka depoze yon Mosyon pou Modifye Òdonans pou Titèl Tanporè a.

Si yon bagay rive ki mete sante oswa sekirite pitit ou a an danje apre tribinal la te bay yon òdonans pou titèl definitif epi w bezwen chanje òdonans la imedyatman, ou ka depoze yon Plent pou Modifikasyon ak yon Mosyon pou Modifye Òdonans pou Titèl la.

Si w bezwen chanje òdonans pou titèl la imedyatman akoz vyolans domestik, ou ka depoze yon Plent 209A pou Pwoteksyon kont Move Tretman.

E si m pa bezwen chanje òdonans pou titèl la imedyatman ?

Si w pa bezwen chanje òdonans pou titèl la imedyatman, ou ka depoze yon Plent pou Modifikasyon nan Tribinal Siksesyon ak Familyal la. Si òdonans la se òdonans pou titèl tanporè, ou ka aplike pou yon Mosyon pou Modifye Òdonans pou Titèl la.

E si lòt paran avè m, nou dakò nou bezwen chanje òdonans pou titèl la ?

Si toude paran yo dakò pou chanje òdonans pou titèl la, itilize fòm espesyal yo ki nan Tribinal Siksesyon ak Familyal la. Al gade What if both parents want to change a custody order? (E si toude paran yo bezwen chanje yon òdonans pou titèl ?)

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).

Court Service Centers Offer Chat

 

If it is
Monday-Friday
between
9am and 12pm