You are here

I need to change the custody order right away

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Fevriye 2022

Si w bezwen change òdonans pou titèl la imedyatman, ou dwe montre jij la sante oswa sekirite pitit ou an danje. Epi sa rive apre tribinal la te emèt òdonans ou bezwen chanje a.

Si w bezwen chanje yon òdonans pou titèl imedyatman akoz vyolans domestik, al depoze yon Plent 209A pou Pwoteksyon kont Move Tretman epi mande pou yo ba w titèl la nan plent lan. Al gade Need to change a custody order right away because of domestic violence. (M bezwen chanje yon òdonans pou titèl imedyatman akoz vyolans domestik)

Nouvo enkyetid konsènan sante oswa sekirite pitit mwen an

Òdonans pou titèl yo ka swa tanporè swa definitif. Yo rele òdonans definitif yo tou jijman.

Si tribinal emèt yon òdonans pou titèl definitif

  • epi apre sa yon bagay rive ki mete sante ak sekirite pitit ou a an danje
  • alò, ou bezwen chanje òdonans pou titèl la imedyatman,

ou ka depoze yon Plent pou Modifikasyon ak yon Mosyon pou Modifye Òdonans pou Titèl la.

Si tribinal la te emèt yon òdonans pou titèl tanporè

  • epi apre sa yon bagay rive ki mete sante ak sekirite pitit ou a an danje
  • alò, ou bezwen chanje òdonans pou titèl la imedyatman,

ou ka depoze yon Mosyon pou Modifye Òdonans pou Titèl la. Ou pa bezwen depoze yon Plent pou Modifikasyon.

Istwa Carla a

Carla panse pitit li a pa an sekirite ankò lè l avèk papa l. Li bezwen chanje yon òdonans definitif. Men, si w bezwen chanje yon òdonans tanporè, ou ka toujou itilize mosyon l lan , deklarasyon sou sèman l lan ak pwopozisyon òdonans li a kòm ekzanp.

Nan sitiyasyon Carla a

  • pa gen vyolans domestik,
  • paran yo divòse,
  • jijman divòs la se yon òdonans definitif ki di yo gen titèl legal ak fizik pataje epi
  • konpòtman ansyen mari l la alame l konsènan sante ak sekirite pitit yo a.

Carla ak Charles divòse. Yo gen yon pitit gason ki gen 5 lane, Hector. Jijman divòs yo a di yo gen titèl legal ak fizik pataje. Hector ap pase 3 jou pa semèn ak papa l ak 4 jou pa semèn ak manman l.

Charles pèdi travay li epi l kòmanse bwè anpil. Nan yon reyinyon tou dènyeman ak mèt jadendanfan Hector a, Charles te vini tou sou, li t ap pale fò epi l te ostil ak ni Carla ni mèt la.

Mèt la t ap eseye di paran Hector yo Hector te vin agresif nan lekòl la. Epi li te voye yon blòk dèyè youn nan lòt timoun yo.

Charles te soti an fraka nan reyinyon an. Lè l te soti a, li frape dèyè machin yon lòt paran nan pakin lekòl la epi l ale. Kèk èdtan apre sa, yo te arete l paske l te kite sèn yon aksidan.

Carla bezwen titèl legal ak fizik eksklizif. Epi l bezwen pou yo sipèvize tan Charles ap pase avèk Hector.

Carla al depoze

Pran fòm ou bezwen yo

Pote Plent pou Modifikasyon an nan menm tribinal yo te fè òdonans orijinal la.

Si w bezwen change yon òdonans tanporè pou titèl medyatman akoz nouvo enkyetid sou sante oswa sekirite pitit ou a, aplike pou yon :

Ou ka itilize mosyon Carla a, deklarasyon sou sèman li a pou sipòte mosyon l lan ak pwoposizyon òdonans li a kòm ekzanp.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).