You are here

I do not need to change the custody order right away

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Fevriye 2022

Si w bezwen chanje yon òdonans pou titèl paske gen chanjman enpòtan nan sikonstans yo, al depoze :

  • yon Plent pou Modifikasyon epi
  • yon Deklarasyon sou Sèman pou Eksplike Swen oswa Demach Titèl la.

Li istwa Tanya ak Thomas pou w wè poukisa yo bezwen depoze yon plent pou Modifikasyon

Nan sitiyasyon Tanya ak Thomas a :

  • paran yo divòse,
  • òdonans jijman divòs la di pou yo pataje titèl fizik la, men
  • yon paran pati.

Tanya ak Thomas gen yon pitit ki rele Omar. Li gen 8 lane. Tanya ak Thomas divòse yon ane desela. Nan moman divòs la, Tanya ak Thomas te rete sèlman detwa kilomèt youn ak lòt nan Boston. Jijman divòs la te di yo gen titèl fizik pataje Omar. Yo te dakò pou yo pataje titèl fizik la. Omar t ap gen pou l fè vayevyen ant lakay paran l yo byen souvan. Li gen yon chanm a kouche avèk rad, jwèt ak liv nan chak kay yo.

Thomas fèk sot remarye epi l al rete Albany, New York. Titèl fizik pataje a pa fè sans ankò pou Omar. Chak paran yo vle pou Omar rete avè yo epi pou lòt paran an gen tan parantal apwopriye.

Tanya al depoze yon Complaint for Modification (Plent pou fè Modifikasyon) ki mande pou l gen titèl fizik eksklizif. Li dwe fè tou Deklarasyon sou Sèman an pou l Eksplike Swen oswa Demach Titèl la. Fòm sa a ap di tribinal la si te deja gen kèk òdonans tribinal konsènan pitit ou a. L ap di tribinal la tou si nenpòt jij ap pran desizyon konsènan pitit ou a kounye a.

Thomas bay yon Answer to Complaint for Modification and Counterclaim. (Repons a Plent pou fè Modifikasyon epi li Fè yon Kont-Reklamasyon) Nan Repons li a, li mande pou l gen titèl fizik eksklizif ak pèmisyon pou l mennen Omar Allbany pou l rete avè l. Li dwe fè tou pwòp Deklarasyon sou Sèman pou Eksplike Swen oswa Demach Titèl la.

Pran fòm ou bezwen yo

Aprann kijan pou w depoze Affidavit Disclosing Care or Custody Proceeding (Deklarasyon sou Sèman pou Eksplike Swen oswa Demach Titèl la) nan tribinal la anvan w ranpli fòm nan.

Depoze Plent pou Modifikasyon an nan menm tribinal yo te fè òdonans orijinal la.

Si w bezwen bay yon Repons pou yon Plent pou fè Modifikasyon, tribinal la pa gen yon fòm ofisyèl pou bay repons la. Itilize ekzanp Thomas kòm yon gid pou w ekri pa w la. Li Answering a Complaint in Probate and Family Court (Reponn yon Plent nan Tribinal Siksesyon ak Familyal) pou plis enfòmasyon.

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).