You are here

I need to change a temporary or final custody order right away because of domestic violence

Pwodwi pa Massachusetts Law Reform Institute
Kreye Fevriye 2022

Si w bezwen pou w chanje yon òdonans pou titèl imedyatman akoz vyolans domestik, ou ka al depoze yon Plent 209A pou Pwoteksyon kont Move Tretman.

Itilize paj 1 ak paj 2 nan plent la pou mande tribinal la pou l chanje òdonans pou titèl la.

Lè w ap ranpli Plent 209A a, ekri nan Deklarasyon sou Sèman an poukisa ou bezwen chanje òdonans pou titèl la pou kenbe pitit ou yo an sekirite.

Nan DEKLARASYON SOU SÈMAN AN :

  1. Di jij la sa k te pase a ak poukisa ou bezwen yon òdonans 209A.
  2. Ekri ekzakteman sa k te pase a. Fè l pi bonjan w kapab. Ekri bagay li te di oswa l te fè yo tankou, « Li te di m li ta pran revolvè l epi l ta tire m. »
  3. Kòmanse ak ensidan ki pi resan an.
  4. Mete enfòmasyon sou domaj yo, si timoun yo te la oswa si l te frape yo, entèvansyon lapolis, tretman medikal oswa lòt èd ou te jwenn oswa destriksyon kèk bagay.

Al gade Writing your 209A Affidavit (Ekri Deklarasyon sou Sèman 209A w la)

Ki kote pou w depoze plent la ?

Ou ka al depoze plent 209A a nan Tribinal Siksesyon ak Familyal la, nan Tribinal Distri a oswa nan Tribinal Minisipal Boston (TMB) an.

Enpòtan

Kèk jij ak grefye nan Tribinal Distri a ak Tribinal Minisipal Boston an ka di w pou w al nan Tribinal Siksesyon ak Familyal la pou w mande yon òdonans pou pwoteksyon lè gen timoun nan dosye a. Regleman yo sou 209A a di jij ak grefye Tribinal Distri a ak TMB an pa dwe voye w al nan yon lòt tribinal.1 Ou gen dwa pou w jwenn yon òdonans 209A nan Tribinal Distri a ak Tribinal Minisipal Boston an pou pwoteje pitit ou yo.

Li osijè sou depoze plen nan Tribinal Distri a oswa nan Tribinal Minisipal Boston (TMB) an si already is a custody order from a Probate and Family Court. (te deja genyen yon òdonans pou titèl yon Tribinal Siksesyon ak Familyal te bay)

Li not being sent to the Probate and Family Court if your case involves children. (osijè pou yo pa voye w al nan Tribinal Siksesyon ak Familyal si gen timoun nan dosye w la)

Nòt final

1. Al gade Getting a custody order right away because of domestic violence. (Jwenn yon òdonans pou titèl imedyatman akoz vyolans domestik)

Jwenn èd legal

Ou kapab kalifye pou asistans legal gratis nan pwogram èd legal lokal.

Si w ap chèche yon avoka gratis, Find Legal Aid (jwenn èd legal).