Si toude paran yo dakò sou kijan yo dwe chanje jijman oswa òdonans la, ou ka pote nan tribinal la akò a alekri ak kèk lòt fòm.
Ou pa bezwen mande pou n parèt devan jij la.
Ou pral nan yon odyans sèlman si jij la mande pou l fè youn.
Si jij la pa mande pou l fè yon odyans, y ap li akò a ak lòt papye yo epi y ap pran yon desizyon.
Men fòm w ap bezwen yo :
- Yon kopi òdonans la oswa jijman ou mande jij la pou l chanje a
- Petisyon / Mosyon Konjwent pou Chanje yon Jijman oswa yon Òdonans Tanporè
- yon deklarasyon sou sèman konsènan nenpòt istwa move tretman oswa neglije timoun.
- yon deklarasyon sou sèman konsènan nenpòt istwa òdonans pwotektif oswa restriktif
- Akò pou Chanje yon Jijman oswa yon Òdonans Tanporè
- Pwopozisyon Jijman / Òdonans Tanporè pou Chanje nan Petisyon / Mosyon an
- yon Deklarasyon sou sèman pou Eksplike Swen oswa Demach Titèl la
- yon Deklarasyon Finansye pou nou chak.
- W-2 yo ak 1099 yo ane pase a pou nou chak
- Feyè ki gen Kalkil Pansyon Alimantè pou Timoun yo
- Yon fòm pwopozisyon sou sa yo Jwen sou Pansyon Alimantè pou Timoun si w mande jij la pou l bay yon òdonans sou pansyon alimantè pou timoun ki diferan ak kantite ki nan Feyè Kalkil Pansyon Alimantè pou Timoun nan.
Pou enstriksyon sou etap 2 a 4 yo al gade What do we need to file to change a judgment or order by agreement? (Kisa n bezwen pou n aplike pou chanje yon jijman oswa òdonans nou dakò pou n fè ?)
Pou enstriksyon sou etap 5 la al gade Affidavit Disclosing Care or Custody Proceedings (Deklarasyon sou Sèman pou Eksplike Swen oswa Demach pou Titèl la)
Pou enstriksyon sou etap 6 la al gade Financial Statement (Deklarasyon Finansye)
Pou enstriksyon sou etap 8 la al gade Child Support Guidelines Worksheet (Feyè Kalkil Pansyon Alimantè pou Timoun nan)