Enpòtan
Si ou bezwen èd pou kontwole pitit ou a, rantre an kontak avèk Mass 211 pou w jwenn sèvis nan kominote w la. Yo kapab konekte w avèk sèvis pou timoun ki genyen pwoblèm serye lakay yo oswa nan lekòl yo. Sonnen 211 nan telefòn ou an oswa chèche nan sit entènèt yo.
Kisa CHINS la ye?
Timoun Ki Bezwen Sèvis (CHINS) se te yon lwa ki bay paran avèk lekòl yo dwa pou mande tribinal la èd lè yon timoun sove kite lakay li, manke klas, vyole règleman lekòl la, oswa “refize obeyi lòd legal e rezonab” paran li ba li.
Paran yo konn souvan pèdi gad timoun yo. Timoun yo konn vin jwenn yo ak dosye kriminèl oswa pimal ankò.
Lè timoun yo pa obeyi paran yo oswa lekòl la, tout moun bezwen èd. Èd la pa toujou vle di pou yo pran timoun nan kay la ak nan fanmiy lan.
Kisa CRA ye?
Timoun Ki Nan Nesite Asistans (Children Requiring Assistance- CRA) se yon nouvo lwa ki pran plas lwa CHINS (Timoun Ki Bezwen Sèvis). Li chanje fason tribinal la ede fanmiy yo. Li te rantre anvigè an 2012.
Nap fè mizajou sou seksyon sa. Nap genyen plis enfòmasyon sou CRA nan fen mwad Jen an.